Shérif S. ABDALLAH kite SOGEBANK Ayiti

Yon ti tan aprè sanksyon peyi Kanada ak Etazini enpoze sanksyon li sou politisyen ak manb sekretè prive a ki nan finanse gang, trafik dwòg ak blanchiman lajan,2zyèm vis prezidan SOGEBANK La, Shérif S. ABDALLAH, bay demisyon li nan dat 6 desanm 2022 a daprè sa konsèy la fè konnen.

Daprè Robert MOSCOSO ki se prezidan SOGEBANK, yo deja voye yon korespondans bay tout lòt aksyonè SOGEBANK yo pou mete yo okouran de demisyon Shérif ABDALLAH.

Yon demisyon ki redui kantite administratè an fonksyon yo a 12. Sa ki pa twò deranje fonksyonnman SOGEBANK daprè sa yo ekri nan lèt ki date 7 desanm 2022 a yo adrese ak lòt aksyonè group SOGEBANK yo.

Paralèlman antreprenè yo te reyaji konsa toujou aprè sanksyon yo: «Nou mete fen ak divizyon ki te nan mitan nou an, nou fè lapè, nou vle yon konsansis politik, nou vle yon gouvènman inite nasyonal, nou vle yon entèvansyon militè Ayiti». Se konsa Asosiyasyon Antrepriz ak Antreprenè Ayisyen yo nan yon nòt yo siyen jedi 8 desanm 2022 a aprè Kanada ak USA fin sanksyone kèk nan yo.

Peyi Etazini nan nivo anbasad yo genyen Ayiti te reyaji pou di yo felisite apèl jeneralize sektè prive Ayisyen an pou yon veritab chanjman nan pratik komèsyal yo – pwomosyon transparans, konkirans konstriktif ak respè nòm etik epi jiridik yo. Nou pral byen siveye respè mezi sa yo nan jan yo pratike yo.» Se mesaj sila anbasad Amerikèn te pibliye sou kont twitè li 9 desanm 2022.

N ap siyale genyen kèk banb nan sektè prive a ki pran distans yo ak nòt asosiyasyon an te mete deyò pou di yo fè lapè. Nou ka site Barbancourt ki di se yon jwèt koken mesye sektè prive yo ki nan koripsyon e ki pa vle peye taks ap fè. Yo menm yo pran distans yo ak nòt ipokrizi yo a.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....