Platfòm Kore Lavi (PKL) ki se yon estrikti nasyonal ak entènasyonal ki bay tèt li obligasyon pou fè pwomosyon pou yon ledikasyon familyal ak sivik, fete 7èm ane nesans yo nan dat 9 desanm 2022 a nan vil Mibalè.

Anba tèm sila: « Dwa moun, ant opinyon e inaplikasyon », Sérondier LOUISIA ki te konferansye aktivite sila te pèmèt deba yo trè anime ant diferan manm yo, kote kèk nan reprezantan ak responsab platfòm nan k ap evolye nan zòn ba Plato Santral, tankou komin nan komin Sodo, Mibalè, Laskawobas te reponn prezan.

Platfòm Kore Lavi ki pran nesans nan lane 2015 avèk Doktè Harrisson Ernest, ki pratikman deja blayi kò li nan divès rakwen nan peyi Ayiti ak nan entènasyonal la, te selebre 7èm ane egzistans yo vandredi 9 desanm 2022 a nan sant vil Benoît Batravil la.

Nan okazyon sila ki se fèt asosyasyon an, divès kòdinasyon kominal t ap selebre moman sa lakay yo. Men, kòdinasyon ba plato Santral la ki te reprezante pa komin Sodo, Mibalè ak Laskawobas, te met tèt yo ansanm pou yo reyalize yon sèl aktivite nan sant vil Mibalè, pi presizeman nan sal pawasyal legliz katolik la.

Kominye k ap jere Platfòm nan pou ba plato Santral la, e ki te prezan yerachize konsa: Monson MERVIL Direktè Depatmantal, Yvenson Jean-Baptiste 1e sekretè depatmantal, Benz S. CHERY 2èm sekretè depatmantal, Kenson Petit Frère kòdonatè kominal Sodo, Maximé Makendy konseye komite Sodo.

Aktivite syantifik sila te trè rich ak divès refleksyon ki te baze sou listwa dwa moun nan peyi Angletè nan lane 1689, pase pa deklarasyon Lafrans nan dat 26 dawout 1789, pou rive Ozetazini kote yo ta pral fè deklarasyon inivèsèl dwa moun ak sitwayen nan dat 10 desanm 1948.

Finalman, deba a te tonbe sou Dwa moun Ayiti, ki se konplètman yon rèv jodi a ankò nan lane 2022, men ki gen pou pran fòm nòmal li yon jou tankou sa te ye pou tout lòt sosyete yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841