Wo komisyonè nan Nasyonzini an pou Dwa Moun Volker Türk, fè konnen pou 2022 a, anviwon 1 448 moun mouri, 1 145 blese epi gang yo kidnape 1 005 lòt an Ayiti. Se sa Volker deklare sa 9 desanm 2022 a nan okazyon Jounen Mondyal Dwa Moun nan.

Wolker fè konnen kantite polisye pou tout Ayiti se 13 000, yon chif ki pa reponn pou bay popilasyon sèvis.

Wo Komisè Nasyonzini fè konnen li inakseptab pou fason chif ensekirite a wo nan peyi a Ayiti poutan genyen moun ki profite de problèm sa yo pou rantre nan plis koripsyon pandan y ap sipòte gang yo.

Li fini pou li di li dakò ak desizyon konsèy sekirite Nasyonzini an pran pou sanksyone tout moun ki nan kowipsyon, finanse gang ak blanchiman nan peyi Ayiti.

Pandan tan sa, gang nan Savyen ki nan tirivyè Latibonit ki ap teworize popilasyon an anonse samdi sa yo fè lapè e tout moun kapab vakye ak okipasyon yo. Semèn pase a gang matisan yo te fè menm deklarasyon sila.

anviwon 1 448 moun mouri, 1 145 blese epi gang yo kidnape 1 005 lòt an Ayiti. Chif sa yo mete anpil enkyetid kay Ayisyen yo k ap soufri anpil nan kriz peyi a ap travèse a. Malgre gouvèman an te mande Nasyonzini yon asistans imanitè akoz yo enkapab, malerezman kominote Entènasyonal la ap vire anwon sou dosye èd militè sa.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....