Inite k ap lite kont koripsyon an Ayiti (ULCC) atravè Direktè Jeneral Hans Joseph, fè konnen yo rann yon onè byen merite ak divès pèsonalite Ayisyen nan dat dimanch 10 desanm 2022 a pou pakou yo. Pou ULCC, 4 moun sa yo se modèl onètete peyi Ayiti.

Men lis non moun Inite a chwazi pou onore kòm sitwayen ki pi onèt pou tout Repiblik Ayiti a : Mesye Joseph Léon SAINT-LOUIS, madam Elizabeth Gédéum THOSINCE, Mesye Gelin Imanes COLLOT ak Max HILAIRE ki se Enspektè Jeneral Lapolis la an Ayiti.

Kòm se yon abitid, nan chak fen ane yo oubyen nan kad kèk aktivite espesyal tankou yon jounen mondyal, anpil enstitisyon konn prezante youn osnon divès pèsonalite nan yon nivo osnon yon lòt, se menm ka a pou ULCC nan okazyon jounen entènasyonal kont koripsyon ki te selebre 9 desanm pase a.

Se te an prezans aktyèl premye minis Ayiti a DR. Ariel Henry, ki se tou minis zafè enteryè e ki sanse menm erije tèt an prezidan peyi a, puiske nan dat ki te 22 oktòb 2022 a, li te deside vyole konstitisyon Ayiti a nan atik 175 la, lè li rive nome Jij Jean Joseph Lebrun nan Lakou Lasasyon. Sa divès sitwayen ap mande, se èske vyolasyon yon konstitisyon ak izipasyon se pa enfraksyon yo ye?

Si repons lan ta wi, sa t ap moutre aklè menm ULCC ki se ajans ki bay tèt li obligasyon pou konbat koripsyon, se youn nan premye basyon ki chaje jis nan kou nan sa ki gen pou wè ak koripsyon an Ayiti. Si Inite a ta nan koripsyon, èske li elijib pou prezante pèsonalite ki pi moral nan peyi a ? Se yon ansanm refleksyon ki pa sispann jèmen nan mitan popilasyon an, depi aprè piblikasyon Direktè Jeneral la sou 4 pèsonalite yo.

Sit entènèt countrymetersinfo se espas ki bay enfòmasyon sou popilasyon nan tout mond lan, daprè rechèch yo fè, peyi Ayiti genyen anviwon 11 646 533 moun pou dènye estatistik ki disponib pou ane 2022 a. Se sa lakòz pi gwo kesyon anpil moun ap poze, se sou ki baz ULCC deside deklare 4 pèsonalite sa yo kòm moun ki pi onèt an Ayiti?

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...