Solidarite Kebèk-Ayiti (SQH) ak alye ki se yon òganizasyon k ap evolye nan peyi Kanada, rele chalbare dèyè òganizasyon EDE-Kanada ki envite ansyen premye minis Claude Joseph nan yon rankont politik nan peyi Kanada dimanch 11 desanm 2022 a, selon sa yo rakonte.

Nan yon kominike ki gen pou tit : Un dirigeant d’organisation terroriste haïtienne malvenu à Montréal, Solidarite Kebèk-Ayiti ak alye te anonse yo pral rele anmwey dèyè ansyen pm Claude Joseph ki se responsab an chèf pati EDE a, nan sousi pou fè echèk ak aktivite a nan peyi Kanada.

Pou jistifye kominike sila, nan yon premye tan yo endekse pati Ayisyen tèt kale (PHTK), ki selon yon menm se yon òganizasyon teyoris ki dwe jije pou tout krim ak mal dirijan li yo fè Ayiti, pati ki pèmèt M. Claude te premye minis peyi a.

Yon lòt bò, yo site anyen pm Claude kòm moun ki patisipe nan plizyè krim,e yo site :

  1. Lamò jèn etidyan Louvois Petit nan dat 7 janvye 2004.
  2. Atak vyolan kont pè Gérard Jean-Juste ak Jacques Roches nan dat 21 jiyè 2005.
  3. Asasina anyen prezidan Repiblik Ayiti Jovenel Moïse nan dat 7 jiyè 2021.

Sepandan, divès jounal tankou Haiti 24, Hebdo 24, Clin d’œil konfime rankont ant pati EDE ak dyaspora Ayisyen nan peyi Kanada se te yon veritab siksè, kote ansyen premye minis Claude Joseph te pran lapawòl e koze ak tout patisipan yo. Yon ansanm enfòmasyon ansyen pm nan pataje sou paj ofisyèl fesbouk li.

Yon lòt kote, divès videyo de aktivite sila a ki reyalize dimanch 11 desanm 2022 a, moutre chèf pati EDE a k ap deklare, kontrèman ak sa òganizasyon SQH ak alye yo fè konnen, li pa yon kriminèl, li pa yon asasen, li se yon patriyòt, yon nasyonalis konvenki […].

Pi lwen, ansyen pm Claude Joseph fè konnen aktivite òganizasyon SQH a se yon zèv prezidan Dominiken an Luis Abinader ki sanse sèvi ak kèk Dominiken e ajan Dominiken pou di li pa byenveni nan peyi Kanada nan mesaj sila :»Dominiken ak kèk ajan Domiken di m mwen pa byenvini Montréal, nou pral moutre yo se manti. Luis Abinader pa ka fè Ayisyen nan Montréal pè. Mwen pa pè. Randevou 4 PM«

Nan tout batay politik sa yo ki genyen ant Ayisiyen ak Ayisyen, swa an Ayiti osnon nan entènasyonal la, finalman, ki kote enterè mas pèp Ayisyen an plase ?

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...