Jounalis Joseph Lunie rapòte lendi 12 desanm 2022 a, bandi kidnape epi touye yè dimanch 11 desanm 2022 a nan kapital la peyi Ayiti, Paul ludbenson Théodate, ki se direktè « CTE-RMPP », ki anndan Diresyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA). Lunie fè konnen se Mesye Theodate ki responsab Sant teknik eksplwatasyon dlo nan zòn metroplitèn Pòtoprens lan. Anplwaye CTE a fè yon mouvman lendi 12 desanm 2022 a sou wout Mayigate a, pou denonse krim nan epi mande jistis pou kòlèg yo ki asasine lachman.

Paralèlman Direksyon CTE zòn metropolitèn nan, anonse yo mete fen ak kontra: Odner Leonfa, Chrisbon Joseph, Occide Roland, ak Jean Claude Tataille ki te afekte nan ajans Kafou a. Yo pran desizyon sila suivan atik 56 kòd travay Ayisyen an poutèt mesye sila yo ta enplike nan kidnape epi bat pèsonèl ajans kafou.

Anpil lòt anplwaye nan DINEPA rete sou swaf yo ap rete tann limyè fèt sou zak asasina sila Mesye Theodate ki afekte yo anpil.