Toujou nan kad kriz k ap ravaje sosyete perivyèn nan, espesyalman nan sa k gen pou wè ak destitisyon prezidan Pedro Castillo pa palman Perivyen an, mouvman pwotestasyon yo okasyone ayè dimanch 12 desanm 2022 yon lòt ka lanmò.

An efè, Prezidan peyi Pewou a, Pedro Castillo jwenn arestasyon l mèkredi ki te 7 desanm 2022 a, aprè l t ap tante dizoud palman an. Se vis prezidant Dina Ercilia Boluarte ki ranplase li.

Palman Perivyen an vote destitisyon Prezidan Pedro Castillo pou enkapasite moral, aprè li te anonse disolisyon palman an. Sepandan, dirijan lagòch la pa rive abouti ak demach disolisyon l nan, sa ki lakoz yo arete l epi mete nan plas li vis prezidant Dina Boluarte.

Nouvo nimewo 1 nan tèt peyi a, Dina Boluarte deklare devan palman Perivyen an:《 mwen asime ak asire pouvwa a, konfòmeman ak konstitisyon Perivyèn nan, kidonk, apati moman sila jiska 26 jiyè 2026.

Avèk 60 lane, premye fanm prezidant nan peyi Pewou a Dina Boluarte te denonse tantativ koudeta ansyen Prezidan Pedro Castillo
te tanmen an. Selon ansyen vis prezidant lan, demach disolisyon ansyen Prezidan an agrave kriz politik ak enstitisyonèl sosyete Perivyèn nan t ap konnen, e sosyete Perivyèn nan dwe simonte kriz sila konfòmeman ak lalwa.

Yon lòt kote, diplomasi Amerikèn nan fè konnen li pa konsidere Pedro Castillo kòm Prezidan k ap egzèse pouvwa a nan peyi Pewou ankò, pòt pawòl depatman deta ameriken an fè konnen aksyon kongrè Perivyen an montre aklè kiyès k ap dirije kounye a. Yon lòt kote, pòt pawòl la salye wòl Palman Pewouvyen an nan demach sila.

N ap raple, Pedro Castillo ki sou pouvwa depi jiyè 2021, te fè objè 6 ankèt pou prezime koripsyon, kote madanm li ak antouraj politik li te enplike tou.

Destitisyon Pedro Castillo pou enkapasite moral ki te fèt nan palman peyi Pewou a te retransmèt an dirèk sou plizyè chèn televizyon. Sou yon total 130 Palmantè, nan 101 ki te prezan pou vòt la, 80 nan opozisyon an te apwouve dezisyon sila.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841