kowonpi ak dilè dwòg ki nan konfyolo ak gang Ayiti yo ap kòmanse sanksyone 28 desanm 2022 a

Se pa sèlman Etazini ak Kanada k ap sanksyone politisyen ak biznismann Ayisyen ki nan finanse gang ak koripsyon yo. WayòmIni anonse 28 desanm k ap vini la a, yo pral sanksyone moun k ap finanse gang yo. Yo prevwa: Koupe viza, sezi byen, entèdi moun sa yo fè komès sou teritwa yo a. Gouvènman Britanik la ki genyen nan tèt li premye Minis Rishi Sunack rann enfòmasyon sila a piblik lendi 12 desanm 2022 a.

Rejim sanksyon Nasyonzini yo ki te depoze nan palman Britanik la 7 desanm nan ap finalman antre an aplikasyon 28 desanm 2022 a, selon nòt gouvènman an mete deyò. Daprè sa ki ekri nan nòt sila, gouvènman an fè konnen yo pran desizyon an konfòmeman ak lwa 2018 Wayom Ini an ki regle koze sanksyon, blanchiman lajan sou sèn entènasyonal la. Li lye tou ak rezolisyon 2653 ki te adopte nan konsèy sekirite Nasyonzini an.

PIBLISITE PEYE

Rezolisyon 2653 a konsèy sekirite Nasyonzini an te adoptey a te genyen pou sanksyone tout moun ki nan finanse gang, ki nan koripsyon ak sila ki genyen pou wè ak enstabilite k ap kraze Ayiti a. Entèdiksyon vwayaj, anpeche tranzaksyon finansyè ak jele byen, se ansanm mezi sila yo k ap genyen pou aplike sou moun ki nan lis sanksyon yo.

Li rete kounye a pou peyi Ayiti tann dat 28 desanm nan rive, pou asiste si efektivman Wayom Ini pral kontinye mete anba sanksyon tout gwo chabrak Ayisyen, ki pran plezi yo nan finanse gang yo ki pa sispann teyorize popilasyon Ayisyèn nan.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar