Selon sa radyo Galaksi rapòte, gen yon gwoup moun ki manifeste nan Pò Jeremi an, Depatman Grandans Ayiti madi 13 desanm 2022 a, pou di non ak bato Ameriken #USNComfort ki pote èd pou swen sante pou popilasyon an. Pwotestatè yo fè konnen se èd militè yo bezwen pou vin kraze gang yo Ayiti.

Nou pa bezwen èd sante pou kounye a se èd militè nou bezwen pou vin ede nou ak gang yo k ap teworize nou nan peyi a. Se konsa plizyè 10zèn moun nan Jeremi te rele chalbari dèyè bato lopital Etazini an ki te vini pou bay swen sante.

Pwotestatè yo ki te ankolè kraze tant ki te enstale sou plas Jeremi an ki ta pral itilize pou pèmèt manb popilasyon an jwenn swen sante bato lopital Etazini an.

Selon jounalis Jean Ismaël Valestin genyen lòt vil nan peyi a ki pral manifeste menm jan ak Jeremi pou mande entèvansyon militè nan peyi a. Valestin fè konnen Vil Okap ak Gonayiv deja ap planifye pou mande èd militè.

Ambasad Amerikèn te anonse lendi 11 desanm 2022 a, bato lopital USNS Comfort (T-AH 20) ap rantre 11 e li prale 17 desanm 2022.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....