An 2022, li pi fasil pou yon Ayisyen pèdi vi l olye l jwenn yon ti tak gaz nan ponp an Ayiti

Madi 13 desanm 2022 a, Asosiyasyon Nasyonal Pwopriyetè Estasyon-Sèvis yo (ANAPROSS) fè konnen yo rele anmwe kont divès konpayi Ayiti k ap egzije yo peye gaz la ak dola ameriken. Mèt ponp sa yo ki òganize yo anba non ANAPROSS, fè konnen si Leta Ayisyen pa di yon mo nan koze sa a, y ap oblije fèmen tout ponp yo.

Majorite konpayi k ap vann gaz an Ayiti deside mande tout mèt ponp yo se an dola blan meriken pou yo peye gaz la, alòske selon tout kontwòl mèt ponp yo fè, yo reyalize si se an dola ameriken an yo peye, se ap yon obligasyon pou yo moute gaz la ankò, sa yo pa swete.

Kòm yo vle kontinye pèmèt biznis yo fonksyone, mèt ponp sa yo deside rele anmwe kont desizyon sila, e mande moun ki rele tèt yo otorite yo an Ayiti, pou yo degaje yo kreye mwayen nesesè pou tranche sou kesyon an.

N ap raple, sa pa gen twòp tan depi aktyèl Premye Minis peyi Ayiti a, Ariel Henry ki konpòte l kòm wa Henry II, te deside mete plis pase 100% sou gaz la, lè li pase galon an de 250 a 570 goud. Yon desizyon enpopilè ki non sèlman moute pri tout bagay byen chè nan peyi a, men ki te konplètman bloke fonksyònman lekòl pandan plis pase 2 mwa.

Paralèlman, soti 1e pou rive 13 desanm 2022, WINECO chaje 612 kamyon-sitèn, sa ki evalye a 1 308 750 galon gazolin selon adisyon kantite galon gaz ak kamyon-sitèn «Terminal Varreux» pibliye ki ranpli pou peryòd la. Sepandan, ponp yo toujou rete fèmen depi plizyè jou.

Finalman, tout moun k ap suiv nouvo fim sa a nan peyi a pa sispann poze kesyon sa yo : Ki kote pil kamyon-sitèn gaz sa yo ale ? Poukisa pil chajman sa yo menm ? Pou de lòt ki plis dirèk, yo deklare ouvètman koze gaz sa a se yon lòt fòm koripsyon ki pa sispann manje angrenaj peyi Ayiti.

Vire nan tout sant vil, wonpyen yo, antre vil yo nan divès rakwen nan peyi a, w ap jwenn gaz la a gogo plat atè nan lari a, men ak yon pri trè chè. Nan ponp 1 galon gazolin koute 570 goud, atè a li vann ant 1500 goud e plis madi 13 desanm 2022 a, nan prèske tout komin depatman Sant yo.

Kòm pwodui transvèsal, se yon obligasyon pou leta fè gaz la disponib nan tout ponp, pou pèmèt popilasyon an gen posiblite regle tout aktivite li epi ede pwodui yo jwenn yon nivo estabilite anfas moute galopant y ap konnen pratikman chak moman. Jodi a, anpil Ayisyen chita ap tann blan ki pou vin fòse Ariel Henry pèmèt gaz la disponib nan ponp yo.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...