Lendi 12 desanm 2022 a, peyi Ayiti resevwa 1,17 milyon dòz vaksen kont maladi kolera, aprè yon demand Ministè Sante Piblik ak Popilasyon Ayisyèn nan (MSSP) te fè, yon demand Òganizasyon Pan amerikèn pou Sante (OPS) te soutni.

Nan semèn k ap vini yo, pral genyen apeprè 500 000 lòt dòz ki pral rive Ayiti, y ap soti nan men Gwoup Kowòdinasyon Entènasyonal pou Pwovizyon Vaksen (ICG) ki jere estòk mondyal vaksen kont kolera a, daprè sa PAHO/WHO fè konnen.

PIBLISITE PEYE

Doktè Maureen Birmingham ki se reprezantan Òganizasyon Sante Panamerikèn/Òganizasyon Mondyal Lasante (OPS/OMS) te eksprime l konsa : » Vaksen oral yo se yon zam ki vin ajoute nan batay nou kont kolera epi yo ka ede ralanti transmisyon li».

Vaksen sila ka ede anpeche aparisyon maladi a jiska 2 lane kay adilt ak 6 mwa lakay jèn timoun yo. Se sa OPS ak OMS kwè.

Kanpay vaksinasyon an ta dwe kòmanse nan kèk jou. Okòmansman, li pral vize popilasyon ki gen plis pase yon (1) lane nan depatman Lwès ak Sant, zòn kote majorite ka kolera yo te rapòte jiska prezan.

Arive vaksen oral an Ayiti, se yon etap nan bon direksyon selon Doktè Lauré Adrien, Direktè Jeneral MSPP a. Li di entegre zouti sa a nan estrateji nasyonal la: siveyans, entèvansyon dlo ak asenisman, mobilizasyon sosyal ak tretman.

Dènye rapò Depatman Epidemyoloji, Laboratwa ak Rechèch (DELR) rapòte 1 193 ka konfime ak plis pase 280 moun mouri ak kolera nan (8) uit depatman epi gen plis pase 13 600 ka sispèk gaye nan tout peyi a.