Aprè sanksyon peyi Kanada ak Etazini te pran kont ansyen senatè Ervé Foucand, komisè gouveneman Okay la Mèt Ronald Richmond envite ansyen senatè a Depatman Sid Ayiti a, pou ale reponn kesyon Lajistis 20 desanm 2022, nan lide pou bay bon jan detay sou dosye dwòg yo repwoche li.

Suit ak rapò office of foreingn asset control (OFAC) depatman trezò Ameriken te pibliye 2 Desanm 2022 a, Komisè Gouvènman evite ansyen Senatè a pou parèt devan lajistis.

Selon rapò depatman trezò, Senatè Hervé Foucand itilize pouvwa li genyen pou jere aktivite dwòg li. Yo fè konnen Senatè konn itilize avyon li genyen pou fè trafik dwòg yo.

Peyi Etazini ak Kanada sanksyone Senatè a paske yo di li nan trafik dwòg, blanchiman lajan ak finansman gang k ap teworize popilasyon an Ayiti a. Gouvènman Kanada ak Etazini entèdi Senatè Foucand pile teritwa yo, yo jele byen li epi entèdi moun fè tranzaksyon finansye ak li.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841