Polis Ayiti arete Réginald Beaugé pou enplikasyon prezime li nan vyole yon pitit fi li ki rele Regeline. Lapolis arete Reginald mèkredi 14 desanm 2022 a, devan radyo Caraïbe (94.5) aprè li te fin sot pale nan radyo a nan jounal premyè okazyon sou akizasyon an.

Selon sa Regine rapòte papa li genyen abitid vyole li depi tou piti e menm rive fèl jete pitit aprè li te fin tonbe ansent pou papa li.

Reginald Beaugé ki se papa Régine te kouri vini nan riyèl Chavane pou vin defann tèt li nan radyo Caraibe sou dosye sila yo voye akizasyon sila jete byen lwen.

Reginald ki te ankolè trete Regine pitit fi li ki akize li de vyòl de fatra nan moman entèvyou li t ap akòde ak jounalis radyo Caraibe yo.

Byen rapid polis nasyonal Ayiti te gentan kadriye perimèt radyo jis pou te mete Reginald anba kòd ki te akonpaye de madanm li nan radyo a.

Selon Mèt avoka ki genyen ekspètiz nan domèn nan fè kwè si lajistis ta jwenn Reginald koupab de sa pitit li reprochel la li riske pase 15 lane nan prizon.

Nan dènye moman sila yo ka vyòl yo pa sispann ogmante nan peyi Ayiti selon sa divès òganizasyon fanm fè konnen.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841