Depite ameriken dorijin Ayisyen Sheila Cherfilus-McCormick anonse nan mikwo Valerio Saint-Louis nan radyo VOA mèkredi 14 Desanm 2022 a fòs entèvansyon rapid la ta dwe rantre Ayiti pou pi ta 10 Janvye 2023 pou vin koresponn ak gang yo k ap teworize popilasyon an.

Kongresman McCormick fè konnen manb kongrè yo kit nan kan Demokrat kit nan kan Repibliken mete yo dakò pou fòs la rantre Ayiti. Kongrè a ap genyen pou li ekri Nasyon zini fòmèlman sou sa paske plis tan ap pase se plis moun k ap mouri Ayiti, sitou gang yo deja kontwol teritwa peyi a e 60% nan gang yo se timoun. E chèf gang yo fòse anpil timoun ki pa ka menm pote zam yo kote zam yo pi gwo ke timoun yo rantre nan gang nan. Li lanse yon apèl pou timoun yo kite gang yo paske yo pa t ap renmen yo viktim.

Kongresman nan fè konnen fòs entèvansyon an ta dwe genyen ladan li tou ameriken dorijin Ayisyen ak Kanadyen ki genyen kòd lonbrit yo mare ak Ayiti pou ede konbat gang yo.

Pi lwen depite McCormick di peyi Ayiti genyen anpil mizè ak grangou men chak fwa pou yo voye manje ak rad lòt èd imanitè gang yo kanpe anfas yo. Fòs la dwe ede stabilize peyi a.

Depite a reponn kesyon pou di anpil moun ki pa vle fòs entèvansyon rapid la se yon bann Ayisyen k ap manje griyo Etazini kote vant yo plen k ap pale anpil paske yo pa metrize nivo soufrans pèp Ayisyen an gang yo ap fè monte syèl pa do.

N ap siyal pandan tout entèvyou a kongresman McCormick pat reponn klèman sou konbyen tan fòs la ap fè Ayiti sof ke li te di se pa yon fòs k ap la pou lontan. Entèvyou sila te fèt nan yon kontèks kote te genyen yon delegasyon kongrè ameriken an ki te chita pale ak Nasyon Zini sou dosye Ayiti a kote depite McCormick te patisipe.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....