Kèk jou avan jounen entènasyonal migran yo, Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye (GARR) òganize yon seyans fòmasyon pou plizyè estrikti nan sosyete sivil la sou dwa migran yo jedi 15 Desanm 2022 a, nan Beladè Depatman Sant Ayiti nan espas biwo yo a.

Plizyè estrikti nan sosyete sivil la te reponn prezan nan kad fòmasyon sila tankou: Fondasyon Zanmi Timoun, RFKS, OBIDEC, e pou Leta a nou ka site : IBERS, ONM, Meri Beladè. Te genyen tou OIM ak kèk manb laprès.

Nan kad fòmasyon sila GARR te pwofite sansibilize patisipan sou anje dwa moun yo, espesyalman migran ayisyen gouvènman Repiblik Dominikèn ap voye tounen pa pil e pa makòn. Responsab fòmasyon an te regroupe patisipan yo an plizyè group nan sousi pou yo te twouve kèk pis solisyon ki ta kapab amelyore sitiyasyon lavi migran yo.

Patisipan yo pat kache kontantman pou inisyativ GARR te pran pou te fasilite yo benesye fòmasyon sila pou dwa migran yo.

N ap siyale 18 Desanm k ap vini la se pral jounen entènasyonal migran yo.