Duclos Benissoit rele chalbare dèyè konplo konpayi gaz yo ap fè pou kontinye toupizi mas pèp Ayisyen

Sendikalis Duclos Benissoit fè konnen distribitè gaz yo mande pou Leta ogmante benefis yo. 14 desanm 2022 a, li denonse nan radio kiskeya biznisman sa yo ki vle pase galon gazolin nan a 800 goud epi disèl la a 900 goud. Pou li, distribitè sa yo se yon pil kriminèl.

Selon sendikalis la, kesyon ratman gaz se pa ditou yon verite. Anviwon 2 mwa depi gouvènman te di li kòmande prè de 360 000 baril, ki pa t rive distribye lakòz yo te deside moute pri gaz la, anplis genyen G9 ki te vin bloke tèminal vare. Aprè 15 jou depi tèminal la louvri, li enposib pou tout gaz sa ta deja livre.

Li kontinye pou trete majorite komèsan an Ayiti de kriminèl, e yo toujou pwouve zak kriminalite yo achak desizyon y ap pran pou benefis yo menm sèlman, tankou lè yo enpoze leta Ayisyen pou li sispann sibvansyone gaz la pou mas defavorize a.

Machann sa yo tèlman egzajere nan desizyon y ap pran nan peyi a, sou kesyon moute gaz la pa egzanp, genyen mesye Khawly ki te di gouvènman si li pa moute pri gaz la, ponp yo ap toujou rete vid, p ap janm gen gaz. Finalman, aprè plis pase 2 mwa nan mizè, pèp Ayisyen an te oblije aksepte pran gaz la ak nouvo pri yo fikse l la.

Mesye Benissoit pale tou de òganizasyon ANAPROSS ki te aksepte pou pri gaz la moute nan ponp yo, jodi a li klè yo pa bezwen ap plenyen si kriminèl yo nan sektè prive a ap mande pou yo peye gaz la an dola ameriken, malgre monè Ayiti a se goud.

Ki donk, si yo rive enpoze mèt ponp yo galon gaz la a $4,48 US osnon $5,60 US la vre, galon gazolin nan ap vin pase nan ponp yo a 800 goud epi dizèl la ap moute a 900 goud. Yon desizyon ANAPROSS ki se asosiyasyon mèt ponp yo kritike, paske nan yon ka parèy, yo p ap fè anyen kòm benefis. Ki kote malere pral ka pèse achete yon galon gaz pou 800 goud ? Gaz la ki se yon pwodui transvèsal nan tout peyi sou latè.

Li konkli pou di tout sa enpotatè yo ap manniganse la a, se nan yon sèl objektif: rive ogmante konsiderableman maj pwofi yo. Se sa menm ki pèmèt yo vle gaz la moute ankò pou fè tout pwofi yo vle. E se sa menm ki vin bay pil pwoblèm ki genyen ant leta, enpòtè ak mèt ponp yo.

Sa fè kèk tan depi AYITI ap soufri anpil anba yon kriz politik, ekonomik ak sosyal egi. Pou anpil moun, se premye fwa peyi a atenn nivo degradasyon sila. PHTK kontinye feraye antravè poulen yo pm Ariel Henry ki konstitye tèt li an sèl kòk chante, kote li fè sa li vle nan peyi a, pran desizyon li vle, pandanke ansyen prezidan Jovenel Moïse te chwazi li pou kèk misyon byen defini. Finalman, èske doktè Ariel Henry ap kontinye kite koze gaz la kontinye fouye Ayiti pi fon nan twou kote yo lage l la ?

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...