Yon gwoup 7 Senatè Ameriken ekri prezidan Joe Biden vandredi 16 desanm 2022 a pou mande l nome yon anbasadè nan peyi Ayiti, nan sousi pou jwenn yon solisyon ak kriz k ap ravaje bil peyi a depi byen lontan.

Gwoup Senatè ki siyen lèt sila se: Robert Menendez, Cory Booker, Tim Kaine, Raphael Warnock, Richard Durbin, Benjamin Cardin Chuck Schumer.

Yo pwofite raple Prezidan Joe Biden puiske Ayiti ap kouri sou yon lane depi li pa genyen anbasadè, nominasyon yon anbasadè ap itil pou mobilize entènasyonal la pote sekou ak pèp Ayisyen an k ap soufri.

N ap pwofite souliye Chuck Schumer ki se youn nan siyatè lèt sila se prezidan gwoup majorite nan Sena Ameriken an.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....