Peyi Laswis anonse yo adopte sanksyon Nasyon zini ap pran kont gang ak moun k ap finanse gang yo nan peyi Dayiti. Depi 16 desanm 2022 a, yo sanksyone chèf gang Jimmy Chérisier alyas (Barbecue). Yo anonse mezi sila nan yon nòt yo mete deyò.

Pou ede Ayiti soti anba grif gang yo ki pa sispann teyorize popilasyon Ayisyèn nan depi kèk tan, divès peyi tankou Lèzetazini ak Kanada pran desizyon pou aplike rezolisyon ONU an, ki mande peyi yo sanksyone tout chèf gang ak moun k ap finanse yo an Ayiti.

Paralèlman, divès politisyen rat do kale tout plim tout plimay, nèg ak fanm k ap pratike dil trafik dwòg pou brase lajan sal, chèf gang ak boujwa k ap fin souse san Ayiti, deja tonbe anba sanksyon plizyè peyi nan entènasyonal la selon sa yo ekri nan rapò yo. Sanksyon sila yo pa respekte kikonk nan klas politik la osnon klas ekonomik la.

Pami aktè ki deja anba sanksyon genyen ansyen prezidan peyi Ayiti a Joseph Michel Martelly, Jimmy Cherisier alyas Barbecue, Laurent S. Lamothe, Jean H. Céant, Rony Celestin, Joseph Lambert, Youri Latortue, Ervé Foucand, Gilbert Bigio, Reynold Deeb, Sherif Abdallah, Romel Bell, Garry Bodeau.

Jan rezolisyon an te vote nan ONU an, chak fwa sa nesesè, plizyè peyi pran desizyon pou sanksyone dwòg dilè, gang k ap feraye an Ayiti yo. Yon ansanm desizyon ki fè objè anpil deba nan mitan popilasyon Ayisyèn nan, kote chak Ayisyen konprann koze sanksyon sa yo yon fason ki trè diferan, swa pa eksperyans, sa yo konnen sou listwa Ayiti ak peyi k ap sanksyone yo, osnon pozisyonman politik yo.

Kèk kesyon divès sitwayen Ayisyen poze nan kad deba ak refleksyon y ap fè sou rejim sanksyon sa yo, se kilè peyi yo ap bay prèv tanjib ki ka jistifye sanksyon yo pran yo, poukisa tou yo pa janm fè okenn suivi legal ak leta Ayisyen sou dosye tout moun yo sanksyone yo ? Èske Barbecue genyen viza ?

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841