Nan kad program reyinifikasyon familyal, timoun ki genyen paran yo ki rezide Brezil ki fè demand pou yo kapab rantre Brezil san viza pou rejwenn fanmi yo aprè desizyon lajistis Brezil. Se sa jounal Dominiken Listindiario rapòte vandredi 16 Desanm 2022 a.

Selon sa ki deside nan
Lakou Siprèm peyi Brezil (STJ), yo pèmèt yon jij tribinal premye enstans kapab pran mezi konsèvatwa pou Ayisyen ki Brezil yo ka pèmèt fanmi yo ki Ayiti rejwenn yo.

Desizyon sila pran suit ak vag demand anpil paran ki emigre nan peyi Brezil fè pou pitit yo ki Ayiti e yo vle rantre jwenn yo daprè yon nòt tribinal la mete deyò.

Sepandan, tribinal espesyal Brezil (STJ) note prensip yo egzije pou tribinal la byen analize demand fanmi timoun pitit yo, adolesan yo fè pou ta rejwenn yo Brezil la byen.

Prezidan (STJ) a, Maria Thereza Assis Moura souliye dwa « coexistence familialle » la raple se timoun ki swete rejwenn paran yo k ap viv nan peyi Brezil.

N ap fè remake genyen anviwon 150 000 Ayisyen selon done ofisyèl yo ki rezide nan peyi Brezil .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841