Davensly Pierre Charles, 6 lane ki te kidnape zòn Kafoufèy 25 novanm 2022 a, jwenn liberasyon li 15 Desanm 2022 a pa DCPJ. Fòs lòd yo tou pwofite arete Charly François ak Jefferson Jolicoeur gran frè viktim nan kòm sispèk nan kad dosye sila.

Polis nasyonal Ayiti fè konnen yo rive poze lapat sou Jefferson Jolicoeur ak Charly François gran frè viktim nan madi 7 Desanm 2022 a. Se komisarya Pòtoprens ki nan kapital peyi a ki te fè arestasyon sila.

Fòs lòd yo fè konnnen aprè yo te fin transfere 2 mesye yo nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) madi 13 Desanm 2022 a pou suit ankèt yo, e se sa ki ta pral mennen tou ak liberasyon Davensly ki genyen sèlman 6 lane gras ak sipò komisarya Leyogàn nan Gresye plis marin Ayisyèn.

Pou kounye a 2 sispèk yo nan gadavi annatandan yo transfere yo Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841