Anba je gwo chabrak k ap fè politik Makyavelik an Ayiti, pitit mas la ap kontinye tonbe

Polisye Govin Roulls tonbe anba kout bal okenn moun pa rive idantifye nan Delmas 31 Pòtoprens Ayiti, pa twò lwen lakay li. Se Kowòdonatè Inyon Nasyonal Ofisye Polis Ayisyen yo atravè SYNAPOHA Lionel Lazarre, ki konfime enfòmasyon an lendi 19 desanm 2022 a.

Ajan 4 la te plase nan Direksyon Administrasyon Penitansye (DAP) pou sèvi peyi a nan fason pa l, malerezman bandi yo etenn souf li epi yo pote ale machin li ki se yon RAV4 ane 2006, plak BB44524, toujou selon SYNAPOHA.

N ap note, Govin Rolls ki te fè pati 19èm pwomosyon polis la se yon nouvo viktim nan kan polis nasyonal peyi AYITI a, ki vin ogmante lis la, ki pase definitivman a 53 polisye ki deja mouri anba bal pou sèlman lane 2022 a.

N ap raple, jiskaprezan Direktè akademi polis la, komisè divizyonè Rigaud Harrington ki te tonbe anba bal 25 novanm pase a, pa ko janm jwenn jistis. Èske menm jan ak komisè Rigaud, DG Frantz Elbe ap kontinye voye senpati l bay fanmi polisye Govin san bay bandi malfra yo yon repons pwopòsyonèl ?

Antouka, nan yon sosyete kote menm sila ki fòme pou pwoteje ak sèvi mas pèp la pa an sekirite, sa tradwi aklè nan ki dimansyon sityasyon yo nan sosyete sa an degradasyon.

Joseph Cenes, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841