Bandi Ayiti touye ak bal jounalis kiltirèl Francklin Tamar, animatè emisyon« Konpa Konpa » ak « Samdi kiltirèl » radyo Solidarite a. Aksyon sila pase Pòtoprens nan sware dimanch 18 desanm 2022 a.

Yon nouvèl ki konfime pa Direktè radio a, Venel Remarais ki pa dispoze twòp enfòmasyon sou sikonstans lanmò a.

Selon sa kèk temwen rapòte se nèg ak zam ki sou moto siklèt ki vide bal sou jounalis la tou prè lakay li nan Riyèl Kamo.

Jounalis Francklin Tamar mouri a laj 38 lane. Li kite yon gwo vid nan kè fanatik li yo ki te apresye travay li t ap fè nan mizik ayisyèn nan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841