2 Ayisyen mouri brile vif ak plizyè lòt blese al pran swen lopital. Se bilan yon aksidan sikilasyon ki fèt Azua, kote yon kamyon fè kolizyon ak yon bis sou wout Sanchez Azua-Bani an Repiblik Dominikèn lendi 19 Desanm 2022 a.

Idantite moun ki mouri yo pa rive devwale.

Sèvis anbilans 9-1-1 te gentan rive souplas ak ponpye pou te evite plis dega.

Selon sa temwen yo rapòte chofè kamyon an ki te deja fè yon aksidan avan li te vin fè kolizyon ak bis la gentan kouri chape pou li aprè 2èm aksidan an.

Pou kounye a plizyè moun ki soti blese nan aksidan sila deja sou kabann lopital ap pran swen nan yon provens ki rele Taiwan.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....