Senatè Hervé Foucand pa mete pwent pye li nan pakè Okay la madi 20 Desanm 2022 a pou reponn kesyon komisè gouvèman jiridiksyon Okay la Mèt Ronald Richemond.

Selon plizyè sous Senatè Hervé Foucand mande mande komisè Gouvènman an pou li repòte odisyon an pou li pou yon lòt dat.

PIBLISITE PEYE

Pou moman sa pako genyen pyès dat ni lòt envitasyon komisè Gouvènman Ronald Richemond planifye pou Hervé Foucand fin reponn kesyon lajistis.

N ap note peyi Kanada te sanksyone Senatè Hervé Foucand paske li te itilize enfliyans li genyen ak pouvwa li pou li fè trafik dwòg ak finanse gang Ayiti plis koripsyon.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841