Bandi nan baz Krache Dife touye epi boule Polisye Louis Stevenson madi 20 desanm 2022 a nan ri pave Pòtoprens touprè Bank Repiblik Ayiti. Se responsab sendika polis la Lionel Lazare ki konfime nouvèl la.

Responsab synapoha fè konnen se pandan polisye Steevenson t ap soti pran yon kòb nan bank lan epi bandi yo poze lapat sou li. Li fè konnen se bandi krache dife yo menm ki revandike zak sila.

PIBLISITE PEYE

Sendikalis k ap defann polisye yo Lionel Lazare kontinye li di Sendika polis la te ekri Direktè Jeneral polis Nasyonal Ayiti a, Frantz Elbé ak Premye Minis Ariel Henry 15 novanm pase a pou atire atansyon yo sou koze sa a, men anyen pa janm fèt.

N ap fè remake nan 2 jou deja genyen 2 polisye ki asasine. Steevenson Louis vin alonje lis polis ki assasine pou ane 2022 a fè li vin pase a 54.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841