Aprè Direktè Jeneral inite k ap lite kont kowipsyon an Ayiti (ULCC) a Hans Joseph fin tande Romel Bell 20 desanm 2022 a sou sanksyon Kanada pran kont li yo, DG a otorize yo bloke tout kont M. Bell, paske li pa ka jistifye tèt li kont akizasyon ki peze sou do li yo, kòm moun ki nan blanchi lajan dwòg ak divès lòt chaj.

Nou pran desizyon pou bloke tout kont bank Mesye Romel Bel akoz li pat kapab bay bon jan esplikasyon pou defann tèt li nan moman nou t ap tande li a sou kesyon blanchiman lajan ak finansman gang ke peyi Kanada te reproche li yo. Se responsab ULCC yo ki fè konnen sa.

Yo rapousib pou di mezi sa yo konsène tout biznis li yo ak Madanm li Anna Dorvil.

N ap souliye nan dat 9 Desanm 2022 a, peyi Kanada te pran desizyon pou sanksyone ansyen Direktè Bell paske li nan trafik zam, blanchiman ak sipòte gang nan peyi Ayiti.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841