Jounalism se yon pwofesyon ki trè nòb nan mond lan, malgre gwo risk ki plane sou tèt moun sila yo ki ap egzèse pwofesyon an. Ayiti se yon peyi lis jounalis asasine yo ap grandi chak jou li jou, poutan, aparèy jistis la poko menm yon fwa nan tout istwa li, kondane yon asasen ki te touye yon jounalis. 3 desanm 2001, Direktè sal nouvèl radyo ECHO a nan Tigwav jounalis Brignol Lindor, asasine ak kout pik epi kout manchèt poutèt li t ap denonse koripsyon ak dwòg ki t ap taye banda sou gouvènan rejim Lavas la. 3 desanm 2022 sa fè 21 lane kote popilasyon an ap tann jistis pou jounalis la.

3 desanm sa fè anpil jounalis ap reflechi ak danje ki plane sou tèt yo nan yon peyi kote se gang k ap dirije. Malgre tout risk yo, sa pa anpeche genyen plis lekòl jounalis k ap fòme moun nan domèn nan e genyen plis moun ki manifeste lanmou ak pasyon yo pou metye jounalism nan. Konsta sa pouse nou poze kesyon sila: èske assasinen yon jounalis se pa bote dlo nan panye osnon voye wòch nan lanmè li ye pou kriminèl yo?

Nan mwa desanm 1993, asanble Nasyonzini te dakò pou chwazi dat sa a kòm jounen mondyal libète laprès. Nan dat madi 3 me 2022 a, òganizasyon Repòtè San Fwontyè (RSF) pibliye klasman mondyal libète laprè la, ebyen peyi Ayiti klase 70èm sou 180 peyi poutan, peyi vwazen an, Repiblik Dominikèn klase an 30èm.

PIBLISITE PEYE

21 lane aprè asasina jounalis Brignol Lindor, lajis Ayisyèn toujou rete fè blakawout sou dosye a malgre plizyè rapò ankèt ki fèt pou montre kanal krim nan. Malgre politisyen kowonpi, dròg dilè ak lòt kriminèl divès sektè kontinye lite pou retire pawòl verite nan bouch jounalis onèt yo, sa pa anpeche yo kontinye ap boujounen toupatou ak plis foug, plis volonte nan figi kriminèl Ayiti yo.

Chak fwa yo etenn vwa yon jounalis, genyen mil lòt vwa ki boujounen pou kontinye di laverite epi batay pou yon demokrasi ki fò, kote dwa tout moun respekte. Konbyen jounalis ki asasine pou koripsyon, abi, enjistis y ap denonse nan sosyete Ayisyen nan? Malgre yo tonbe, chaje lòt ki remonte pi briyan. Touye jounalis pa vrèman fè lòt jounalis pè, okontrè li fè genyen plis moun devlope lanmou pou metye a.

Malgre tout aksyon move je yo fè pou entimide jounalis yo ki la pou batay pou fè demokrasi a fleri, se tan pèdi ak kòve k ap fèt. Asasina jounalis Brignol Lindor pa ta dwe fè sèlman jounalis ap reflechi men tou, li ta dwe ede konpi yo, kriminèl yo, dwòg dilè yo wè byen klè touye yon jounalis pa janm bay rezilta yo vle a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841