Chak fwa konsèy sekirite Nasyonzini an reyini sou dosye Ayiti a, otorite Ayisyèn yo ki soufri maladi blankomani antchoutchout akoz tout espwa yo se blan.

Okenn peyi pa bay tèt yo kòm volontè, nan sousi pou bay twoup militè pou pèmèt pwopozisyon Etazini te fè a pase, lè l te ankouraje deplwaman rapid yon fòs militè miltinasyonal an Ayiti. Se sa kèk sous fè jounal Miami Herald konnen madi 25 oktòb 2022 a. Pou jounal la, ankourajman Etazini an prèske echwe. Peyi Brezil ap regle zafè eleksyon prezidansyèl lakay li, Lafrans te deja li menm pa t janm pou opsyon voye twoup Ayiti, Lachin ak Larisi te deja di gen bagay ki pa klè nan pwopozisyon Etazini te fè a, kote li te di li menm li pa entèrese voye sòlda, men li te sipòte lòt peyi ki vle voye èd militè yo pou Ayiti.

Nan dat 10 oktòb 2022 a, sekretè jeneral ONU an, António Guterres, te mande Eta manb yo pou fè ijans sou dosye Ayiti a, kote Premye Minis Ariel Henry te mande ONU pote sekou ak Ayiti.

Nan lèt sila Premye Minis Ariel Henry te ekri nan dat 6 oktòb 2022 a, li tè trè klè, kote li te montre enkapasite yo pou pote solisyon ak kriz Ayiti a. Nan lèt sila, Premye Minis la te montre enkapasite ak enkonpetans fòs polis la pou fè fas kare ak gang yo. Li montre echèk tout sektè yo nan peyi a. Li te avili peyi a, mete l toutouni devan blan an, nan objektif pou l te ka jwenn asistans yo.

Blan an chita sou dosye Ayiti a, l ap jwe jwèt sourit ak chat. Yo menm ap laloz nan poze kesyon, kilès ki pral mete klòch la nan kou chat la? Entènasyonal la toujou ap jwe jwèt woulem de bò ak Ayiti.

Pandan jwèt koken yo kontinye ap fèt nan entènasyonal la sou dosye Ayiti a, prèske chak grenn Ayisyen genyen yon pwopozisyon solisyon anba bra yo, avèk lide se pa yo a ki pi bon, pandan y ap tann blan an bay benediksyon ak propozisyon pa yo a.

Blankomani an enfekte majorite aktè yo Ayiti. Yo pa kwè nan pwòp fòs yo pou jwenn yon mwayen pou retire peyi a nan twou labou li twouve l la. Yo chak genyen ti gwoup blan pa yo nan pòch yo.

Pandan tout pèdi tan sa yo, timoun kontinye pa ka ale lekòl paske pa genyen gaz nan ponp yo, bandi ap vyole fanm ak tifi devan fanmi yo, moun ap mouri ak bal chak jou nan peyi a devan 2 grenn je otorite yo, kolera kontinye ap touye moun poutan pòt lopital yo rete fèmen, bank travay sèlman 3 jou nan semèn nan, sa ki lakòz se nan gwo goumen pou yon sitwayen jwenn sèvis.

Menm jan ak senp sitwayen yo kòd trip yo ap koupe nan peyi a, k ap tann yon siyal espwa bò kote otorite yo an Ayiti, se menm jan tou ou genyen enpresyon gouvèman Ariel Henry a pa ka tann kilè blan an ap fè yon mirak pou sove Ayiti.

Pwoblèm peyi a gaye nan tout nivo, nan tout sektè. Imajine jodi a ki deja 26 oktòb 2022, anplwaye Ministè Jistis ak Sekirite Piblik yo pa ko janm touche mwa septanm 2022 a.

Tout espwa gouvènman Ariel Henry a se sou blan, poutan espwa pou blan an ta antre Ayiti ap redui chak jou ki jou. Ki espwa pèp la ki paka tann, ak yon gouvènman li menm k ap rete tann?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....