Depi aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2021 an ke anpil moun kalifye de yon konplo wo nivo kote kèk peyi loksidan. Aprè asasina sila Ayiti kontinye ap plonje pifon nan yon kriz san parèy kote lotorite Leta pa egziste. Peyi a bloke. Anwo pa monte anba pa desann, akoz gaz pa ka rive nan ponp yo. Ayiti se gang k ap dirije ki menm ranplase otorite Leta. Se lòd gang yo ki respekte sou tèritwa a. Konsekans yo grav. Labank pa ka byen fonksyone, biznis yo fèmen pòt yo, danre peyizan yo pouri nan men yo, lopital pa fonksyon, konpayi dlo trete yo pat ka fonksyone, kolera retounen ap touye Ayisyen, lekòl pa ka louvri. Fas ak lo pwoblèm sa yo gouvènman Ariel Henry a nan dat 6 oktòb 2022 aprè kò group fin chita ak li pou bal direktiv oblije rele mande sekou entènasyonal la pou vini ak yon fòs etranje san dèle ni pou rantre li ni pou sòti li.

Depi demand sila fin fèt plizyè peyi bonjou yo pa laverite ki di yo se zanmi Ayiti antchoutchout pou pote èd sekiritè ak imanitè.

PIBLISITE PEYE

Ki rezon ki ta lakoz blan 2 koulè ta swete pile tè Jean-Jacques Dessalines nan

Genyen yon group Ayisyen ki rete kwè blan yo pa genyen pyès enterè an Ayiti nan moman an paske mond lan chanje sitou nan koze ekonomi. Dayè Ayiti pa reprezante anyen.

Genyen yon lòt group ki opoze e ki konfyan ke anba tè Ayiti chaje resous enpòtan ke tout blan gen genyen je sou yo. E sa se yon rezon ki anplis ki ka entèrese blan ki fè kwè yo se zanmi Ayiti yo.

Genyen lòt group ki aksepte diskou malis entènasyonal la pote pou di gang ak sipòtè gang yo fè twòp fòk yo bay yon kout men pou stope yo.

Esi se pa ta youn nan group sa yo ki genyen rezon. Sa ta ka pouse kesyon nou te ka poze pou di: Èske se pa lòt koze k ap regle

Nan dènye konsèy sekirite ONU te fè a, peyi Lachin ak Larisi te klè pou mande pou yo soumèt lis non tout gang ak tout moun ki nan konfyolo ak yo a pou yo ka genyen yon pozisyon klè sou koze sila Ayiti. Aprè lèt 6 oktòb 2022 a Premye Minis Ariel Henry te adrese ak konsèy sekirite ONU an pou mande yon fòs militè, ebyen konsèy sekirite a kenbe dat 21 oktòb 2022 pou reyini yon lòt fwa ankò pou pozisyone yo sou demand fòs ame Ayiti mande a. Èske peyi Larisi ak Lachin pa genyen dwa voye sòlda yo tou si konsèy la ta mete yo dakò pou voye twoup an Ayiti?

PIBLISITE PEYE

Nan seri manifestasyon k ap fèt kont rate gaz ak pri a ki twò wo, lavi chè, ensekirite jiska demisyon gouvènman Ayisyen an ki genyen nan tèt li Ariel Henry, manifestan yo pa sispann flote drapo Larisi ak Lachin.

Ayiti ki se yon peyi ki tou kole ak Etazini, ki mwens ke 1h tan nan avyon. Enstiti Ameriken pou lapè mande si se pa ameriken pou li ta ye kilès li ka ye ankò? Nan yon «interview » Mines ki se youn nan responsab enstiti a bay ak miami Herald ki pibliye nan yon atik ki soti mèkredi 12 oktòb 2022 a, li deklare : nan nivo kriz la rive Ayiti la, li kwè se sèl Etazini ki genyen mwayen lojistik ak operasyonèl ki ka ede pi vit ke posib. E menm si yon lòt peyi ta vle entèvni USA pa ta dwe kitel pou kont li.

Pandan tan sa, USA pat ka tann rankont 21 oktòb konsèy sekirite ONU an fikse a pou li deja voye kèk bato gad-kot pou fè patwouy sou lanmè touprè Ayiti. Selon 2 sous fyab nan administrasyon Biden nan, bato sa yo la pou montre volonte USA pou ede gouvènman Ayisyen an. Yo pat vle konfime si se twoup, men yo di gen èd sekiritè ak imanitè kap vini. Se sa ki ekri e nou site
nan yon atik JACQUELINE CHARLES ak MICHAEL WILNER pibliye nan jounal miami Herald mèkredi 12 oktòb 2022 a.

Èske tann Etazini pa ka tann nan pa lye ak gè ki genyen ant Larisi ak Ikrèn nan?

Sekretè deta adjwen ameriken an Brian Nichols rive Ayiti jounen mèkredi 12 oktòb 2022 a. poul rankontre PM Ariel Henry, aktè politik yo, sektè prive, sosyete sivil la ak reprezantan akò Montana yo.

Ekonomis Fritz alphonse Jean ki se prezidan eli akò Montana a ki te nan chita pale mèkredi 12 oktòb 2022 a, ak sekretè deta adjwen an @WHAAsstSecty deklare: yo te pale de monte kolera a ak nesesite pou yon konsansis nasyonal pou fòme yon gouvènman tranzisyon, ki ka kondui a eleksyon kredib nan peyi a.

Dosye gè Ikrèn nan pa sispann monte tansyon yo ant Larisi ak Etazini. Larisi akize Etazini li di ki rann konfli yo dire tout tan sa nan peyi Ikrèn.

PIBLISITE PEYE

Ayiti se yon peyi ki pa genyen kontwòl teritwa li ni atè, ni anlè, ale wè pou lanmè. Poutan Ayiti se yon espas stratejik pou peyi èlmi Etazini yo. Kawo Ayiti a se yon veritab menas pou sekirite Etazini pandan gè Larisi /Ikrèn nan ki ka debouche sou nenpòt pabay.

Èske èd sekiritè ak imanitè sila pa pral plis pwofitab pou peyi ki pote èd la ke Ayiti ki ta dwe resevwal la E ankò pouki Etazini pa ka tann dat 21 oktòb la e ke li deja gen yon bon kantite gadkot sou lanmè kole ak Ayiti?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....