Èske asasina prezidan Jovenel ta lye ak dènye deplasman diplomatik li yo: zanmitay li te kòmanse devlope ak Larisi epi Latiki, ki se 2 enmi fawouch Lèzetazini

Avan menm dokiman konfidansyèl Lèzetazini ki pale de plan gwoup Wagner a ta genyen pou antre Ayiti a te pran lari, peyi Larisi te deja moutre a ki pwen li entèrese ak AYITI. Se sa jounal Miami Herald pibliye depi an tit nan yon atik ki sòti mèkredi 12 avril 2023 a, e ki fè anpil, vrèman anpil revelasyon sou entansyon Larisi gen pou mete pye l atè an Ayiti.

Li pa yon sekrè pou pyès moun, Lèzetazini se youn nan peyi ki fè anpil nan fòtin li pa mwayen enpozisyon politik eksteryè li yo. Se pou sa, ekstèminasyon yon ras p ap di Leta Ameriken anyen depi yo jwenn opòtinite pa yo a.

Ayiti ki plase tou kole ak Etazini, ki a anviwon 1:30 sèlman, se inik peyi nan zòn nan k ap kwoupi nan mizè la a anba je leta ameriken an, jan responsab dwa moun O’Neill te di la. Enflasyon an ap flote a prèske 50% selon dènye rapò IHSI yo, kidnapin tout kote, ensekirite a rann peyi a envivab, tout sa, la a anba 2 grenn je Etazini.

Kòm gran pisans, Lèzetazini prezan pratikman tout kote sou latè: yo nan anpil òganizasyon, sèvis sekrè li yo puisan anpil e tout kote. Nan ti peyi yo domine a 99 oubyen 100% yo, gouvènman sa yo pa fouti pran okenn desizyon an absans yo. Tout sa, pou esplike difikilte ki genyen pou yon gouvènman Ayisyen rive louvri zèl li, nan chache alye diplomatik, nan sousi pou ede l reponn ak ansanm pwomès chèf gouvènman sila ak atant popilasyon an. Kisa ki esplike malgre gwo nivo entèlijans Etazini montre, yo fè tankou yo pa t okouran de plan pou asasine ansyen prezidan Jovenel Moïse malgre DEA endekse, poutan, group mèsenè Larisi a Wagner sèlman genyen entansyon pou ta vin ede Ayiti konbat gang USA gentan konnen?

Pou anpil moun ki ap reflechi epi analize asasina ansyen prezidan Ayisyen Jovenel Moïse, genyen de (2) ipotèz yo dwe mete an evidans :

1- Tantativ reviman diplomatik ansyen prezidan Jovenel Moïse t ap antreprann nan fen manda li a.

2- Asasina a ka soti bò kote oligak konwonpi prezidan Jovenel Moïse te nan divizyon ak chirepit ak yo.

Sa yo se 2 ipòtèz kle ki ta kapab debouche sou verite ki genyen nan asasina ansyen prezidan an. Anfèt, pami anpil lòt endis ki ka genyen, 2 lòt evenman majè sa yo ta ka sèvi kòm pis pou chache verifye 1ye ipotèz la, ki se reviman diplomatik ansyen prezidan Jovenel Moïse, ki te asasine nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021, lakay li nan Pòtoprens (Pèlerin 5) :

Nan yon premye tan, prezidan Jovenel Moïse te resevwa lèt kreyans ki akredite Sergey Melik-Nagdasarov kòm anbasadè peyi Larisi an Ayiti, bèl diskou, bèl akolad, bèl foto… Sa te pase nan dat mèkredi ki te 02 jwen 2021, yon mwa avan asasina a.

Nan yon dezyèm tan, Prezidan Jovenel ki t ap pale de vizit li nan peyi Latiki, te fè konnen sa fè li anpil plezi pou li patisipe nan yon fowòm ki t ap fèt sou diplomasi, ki te gen pou tit: «Diplomatie innovante, nouvelle ère, nouvelle approche». Aktivite sila te reyalize nan vil Antalya nan peyi Latiki, kote prezidan an te fè dezyèm seri deklarasyon sa yo nan dat 19 jwen 2021, tou suit aprè li te fin patisipe nan fowòm nan.

Prezidan Moïse nan Fowòm sou diplomasi nan peyi Latiki 19 jwen 2021

Dènye twit prezidan Jovenel Moïse fè avan asasina li, se kote li te prezante nasyon an nominasyon sitwayen Ariel Henry kòm nouvo premye minis peyi Ayiti, aprè anpil presyon li t ap sibi bò kote kò gwoup pou fè chwa rapid Premye Minis Ariel. Twit sila te fèt nan dat 5 jiyè 2021, swa youn a 2 jou avan l mouri. Tout sitwayen ki t ap suiv politik Ayisyèn nan pou moman an, pa bliye se anbasad amerikèn, atravè yon twit, ki te ratifye Ariel kòm premye minis peyi a.

Nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Etazini pran devan e menm pi entèrese pase Ayiti. Dayè, majorite manm kle asasen yo, tout nan lakou Tonton Sam. Anpil moun wè pou prezidan an ta jwenn jistis, fòk se ta yon komisyon entènasyonal miks ki ta dwe genyen ekspè kredib, ki ta pou travay sou dosye sila. Pou Etazini se pa sa ki ap bay rezilta, ni ki priyorite yo.

Nou p ap bliye, Etazini fè anpil lajan nan kad asasina prezidan an: Frederick Bergmann Jr ki se youn nan sispèk FBI te arete semèn pase yo, peye 1.5 milyon dola ameriken, pou li kapab lib avan jijman l. Se tribinal federal Miami ki te akòde l libète a. N ap raple, Frederick akize kòm youn nan moun ki ta nan konplo pou touye P. Jovenel Moïse. L ap rete sou kontwòl lajistis avèk yon monitè GPS sou li.

Èske ankèt Etazini an se pa yon ankèt kase fèy kouvri sa, ki ka menm lakòz asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la pase menm jan ak asasina fondatè nasyon ayisyèn nan, Jean-Jacques Dessalines ?

Sadrax ULYSSE, Sérondier LOUISIA

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841