Tou suit aprè gouvènman Ariel Henry a fin anonse li retire kèk goud sou gaz la an Ayiti, machan gaz yo deklare bandi ame nan Pòtoprens mande pou chak chofè bay 15 galon gaz pou yo ka antre nan Tèminal Varreux. Pi lwen, chofè yo dwe peye 200 000 goud pou kamyon yo soti nan Tèminal la ak 800 000 goud pou yo gen dwa soti Varreux rive sou wout Ayewopò a. Fas ak sitiyasyon sa a, Asosyasyon Pwofesyonèl Petwòl ak konpayi transpò yo mande entèvansyon otorite Ayisyèn yo pou solisyone pwoblèm sila. Anpil sitwayen ki ap reflechi mande pouki se pandan gaz la genyen kèk goud ki soti sou li machann gaz yo pataje enfòmasyon sila?

Yon jou aprè enfòmasyon sila machann gaz yo mete deyò a, divès jounalis Centre à la UNE konstate plizyè ponp gaz nan peyi a deja fèmen pou di yo pa genyen gaz. Divès lòt kòmanse genyen anpil bourara anba yo ap vann gaz la ak pri ki pi elve pase 560 goud Gouvènman an te di ki t ap efektif depi jedi pase a.

Ekonomis Ayisyen «Enomy Germain» te reyaji ak divès agiman solid, pou montre se toupizi Gouvènman an ap toupizi pèp la. Pandan gaz la desann ak anviwon 12% sou mache entènasyonal la, Leta Ayisyen pa menm rive fè yon bès 2%.

Nan yon avi ministè ekonomi ak finans/ ministè komès ak endistri te pibliye 14 jiyè 2023 a, gouvènman Ariel Henry a te anonse yo refikse pri gaz la sou mache a. Pri pou chak galon gazolin kounye a se 560 goud, galon dyezèl la se 620 goud epi kewozèn nan se 615 goud. Pri sa yo te dwe efektif apati jedi 20 jiyè pase a.

Gouvènman an deside retire sèlman 10 goud sou galon gazolin nan li te ogmante a 128%, epi 50 goud sou galon dyezèl la li te ogmante 89.8% ak 50 goud sou galon kewozèn nan li te ogmante a 88.9%.

Sendikalis yo ki nan koze transpò Ayiti deja anonse yon grèv 3 jou ki ap kòmanse 31 jyè ki ap bout 2 out 2023 a pou egzije Leta Ayisyen fè yon bès 40% sou pri gaz la.

Nou fè yon gwo pa nan bon direksyon. Nan Konsèy Nasyonzini, tout peyi vote pou gen yon fòs miltinasyonal debake pou vin kore polis nou an, pou nou fini ak bandi, pou tout moun ka sikile san kè sote, lib et libè, la jounen tankou lannwit. Deklarasyon Ariel Henry 19 jiyè 2023 a, pandan l soti nan peyi Bèljik. Alòske sekretè jeneral Antonio Guteress genyen yon mwa pou bay tout fetay sou fason fòs la pral entèvni Ayiti.

Pandan konplo pou kreye yon lòt rate gaz nan peyi a, gang yo ogmante nivo kidnapin nan. Lendi 24 jiyè 2023 a yo boule kay, fòse moun k ap viv nan divès katye nan Petion-Vil, Taba kouri kite kay yo. Fas ak ansanm obsèvasyon sa yo, èske se pa chalè gouvènman Ariel Henry a ap bay sektè jeneral Nasyonzini an, Guteress pou voye yon fòs militè an Ayiti pi vit posib ?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....