Depi premye mwatye 20èm syèk la, Plato Santral toujou montre nivo rezistans li atravè aksyon kèk pitit otantik li fas ak divès opresè nasyonal kou entènasyonal

Jean Louis Saint-Vil 37 lane, se jèn gason sa a kominote Mibalè a rann yon gran omaj byen merite madi 10 oktòb 2023 a sou plas piblik la. Jean Louis te tonbe madi 26 septanm pase a nan kad «rezistans ak defans» li te rive fè, pandan atak bandi Kanaran yo nan vil Benoit Batraville la. Pou divès sitwayen k ap kòmante, se gras ak rezistan epi vijilans Jean Louis bò kote yon bann lòt gason konson bandi yo pa t rive mete lapat sou vil la, puiske li se youn pami moun ki te voye divès mesaj vokal sou gwoup watsap, ki te moutre deplasman ak lokalizasyon bandi yo.

Jounen madi 10 oktòb 2023 a, vil Mibalè komemore 4èm ane anivèsè lanmò jounalis Néhémie Joseph, moun yo pa ko idantifye te fizye jedi swa 10 oktòb 2019 nan zòn Bayas-Mibalè. N ap raple, aprè 4 lane jou pou jou dat pou dat, dosye Néhémie an kontinye politize nan lakou Pakè Mibalè. Néhémie Joseph se te youn nan pitit otantik depatman sant, ki te toujou kanpe anfas tout deriv, malvèsasyon, koripsyon, diskriminasyon, politik fè nwa ak tèt chaje divès nèg ak fanm nan tout peyi a, an patikilye nan vil Mibalè te konn vle pratike.

Charlemagne Peralt ak Benoit Batraville se 2 pitit depatman an, atravè mouvman «Kako» a, ki yo menm tou, pandan lokipasyon amerikèn nan, te kanpe e pase divès moman ap reziste anfas atwosite blan meriken. Pou «Gérard-Marie TARDIEU» nan liv li ki rele «OKIPASYON AMERIKEN, JIYE 1915 – OUT 1934», nan paj 41 an, Kako yo ki te prezan nan Sant ak Nò peyi a, te rasanble fòs yo e fè «pi gwo revòlt ki te kont debakman Ameriken yo» an dat 28 jiyè 1915. Peyizan Kako yo te batay ak rach ak manchèt…

Selon sa divès sitwayen rakonte, se youn nan ra fwa, pou yo pa di se premye fwa yon depatman an AYITI, atravè Mas peyizan an ak èd lapolis, rive defye yon gwoup bandi ki byen ame, bandi k ap mache taye banda nan divès lòt depatman nan peyi a, an patikilye nan Lwès.

Finalman, divès aksyon sa yo montre Depatman Sant peyi Ayiti se youn pami depatman ki toujou voye anpil siyal nan sa ki lye ak «REZISTANS» kont sistèm makyavelik_mafye Ayiti a, kont bandi legal kou ilegal yo. Èske sa ta tradui reyalite lavil la pa menm ak reyalite andeyò a, sitou nan depatman Sant peyi AYITI ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...