Nan yon dekrè ki te pibliye 26 janvye 2006, li kreye Ajans Nasyonal ki dwe Proteje Lè a (ANAP), ki vin genyen kòm bra ame li Brigad Siveyans È Proteje (BSAP), ki anba titèl Ministè anviwonman, epi ki gen pou misyon: sovgade epi pwoteje anviwonman an. Anplis de pwoteksyon lè a, ajan yo dwe patisipe nan (rebwazman, pwoteksyon sous, zannimo, konsèvasyon sòl, pwoteksyon basen vèsan, kiraj kanal, andigman rivyè tretman ravin…)

Poutan, konsta yo pwouve kò a pa chita sou bèl misyon li genyen an, men li rantre nan fè travay lapolis ak lame, sa ki vin kreye yon konfizyon ki pouse sitwayen yo ap poze kesyon èske BSAP pa kreye pou yon misyon «ofisyez» tou, kote Guy Philippe sanse ap vin devwale ?

Selon kèk sous jounal la genyen nan BSAP, yo revele nan kò a genyen yon gwoup ajan ki nome, yon gwoup kontraktyèl ak gwoup majorite a ki benevòl. Anpil ladan yo, sitou wo grade yo, se ansyen militè.

Pou zam ak minisyon, anpil ladan yo se pa Leta ki ba yo zam se yo ki tou vini ak zam yo, plis minisyon. Anplis de sa, yo peye gwo kòb pou enskri epi achte inifòm ak lòt ekipman.

PIBLISITE PEYE

Aprè dènye deklarasyon Guy Philippe fè pou anonse se revolisyon ki dwe fèt nan peyi a, selon sa divès ajans nouvèl rapòte, gouvènman Ariel Henry a ki choke de deklarasyon sa yo, mande Direktè jeneral ANAP la, Jeantel Joseph, pou li bay rapò detay sou efektif ak tout kalib zam ajan BSAP yo. Sa ki ta pral leve plim sou do youn nan kòmandan BSAP yo, ki pral menm pouse li deklare: «Lè Gouvènman an manyen yon plim sou do yon ajan BSAO, se lè sa a tout zam yo ap deyò, gouvènman an ap konnen. Se lè a y ap konnen ki tip zam nou gen nan men nou.»

Nan mwa fevriye 2022, James Cadet ki se Minis anviwonman Ayiti te soti yon nòt pou anile badj tout ajan BSAP, akoz move konpòtman kote anpil ladan yo te patisipe nan yon pakèt eskandal ki te fè objè anpil kritik. Minis la te di nan nòt la mesye yo bay pèsepsyon moun ki ap twouble lapè piblik ak konpòtman yo ki pa ale nan liy misyon «ofisyèl» yo ki se pwoteje anviwonman.

Nan lane 2023 a, yon gwoup ajan BSAP pral jwenn sipò ak benediksyon yon pati nan popilasyon an, paske yo te kanpe nan konstwiksyon kanal irigasyon Wanament lan. Sa ki ta pral pase eponj sou divès nan move aksyon yo konn repwoche ajan yo.

Ki relasyon ki genyen ant aktyèl DG BSAP la ak Guy Philippe?

Jeantel Joseph se chèf pati «Consiortium» ki se bon zanmi Guy Philippe. Dayè, se sou pati politik sa a menm Guy Philippe te eli Senatè nan Grandans. Sou Gouvènman jovenel Moïse la, Jeantel te jwenn pòs sekretè deta ak sekirite piblik. Malgre li te nan pòs la, li te planifye yon ansanm mouvman pwotestasyon devan anbasad yo, sitou anbasad Etazini pou mande liberasyon bon zanmi li Guy Philippe Ameriken te vin arete an Ayiti, paske yo di li te nan blanchi lajan dwòg.

Sou presyon anbasad Etazini ki te kalifye aksyon Jeantel yo de radiyès, ta pral mande pou revoke l kòm Sekretè deta ak sekirite piblik. 15 me 2017, Gouvènman Jovenel la ta pral pase Jeantel yon lòt pòs ki se Direktè jeneral ANAP, kote se li menm jiskaprezan ki nan pòs la e ki gen kontwòl ajan BSAP yo kòm Direktè Jeneral Brigad ki la pou Siveye Lè Pwoteje yo, BSAP.

Pandan tout diskou Senatè eli Guy Philippe yo, li toujou mansyone BSAP. Dayè, li genyen bon rapò ak anpil ladan yo sitou ansyen militè ki te ede l an 2004. Kòm gwo estratèj ki kwè li se yon revolisyonè, ki gen anpil moun ki moutre yo renmen l.

Finalman, èske revolisyon Guy Philippe ap pale a ta chita sou do ajan BSAP yo, kote yo pral jwe yon gwo wòl ladan li ?

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841