Akò 21 Desanm nan ki pote non« konsansis nasyonal pou yon tranzisyon enklizif » finalman pibliye nan jounal ofisyèl peyi a Monitè madi 10 Janvye 2023 a. Selon arete a akò sila ap genyen yon Wo Konsèy Tranzisyon (HCT) ak yon Ògàn k ap Kontwole Aksyon Gouvènman an (OCAG).

Wo Konsèy Tranziksyon an (HCT) ki konpoze de:
Mirlande H. Manigat, Laurent St Cyr ak Calixte Fleuridor, 3 moun sila yo ki deziye pa pati politik yo, sosyete sivil ak sektè ekonomik la ap genyen pou misyon:

1- Monte yon komite ekspè pou pase men nan konstisyon 29 mas 1987 la.

2- patisipe nan chwa moun pou monte yon Konsèy Elektoral Provizwa (KEP) pou fè eleksyon etou rann operasyonèl kou kasasyon an.

3- Patisipe nan remanye gouvèman an ki ap genyen chanjman Minis ak direktè jeneral.

4- Fè refòm nan diplomasi Ayiti a.

Toujou selon dokiman an, manb HCT yo ap chita pou pipiti chak mwa ak Premye Minis Ariel Henry, patisipe nan konsèy Minis yo ak vwa delibere. Desizyon yo ap pran pa konsansis ou byen pa vòt ak yon majorite senp si ta genyen kontrent nan konsansis yo.

Wo Konsèy tranziksyon an ap la tou pou kontribye nan mete sekirite nan peyi a, amelyore kondisyon lavi mas pèp la, fè refòm nan konstisyon an, refòm nan administrasyon piblik la, mete peyi a chita nan yon eta de dwa, fè refòm ekonomik, reyalize eleksyon pou nouvo prezidan an ka prete sèman 7 fevriye 2024.

Tousuit Manb HCT yo fin enstale, y ap genyen dèle yon mwa pou prezante fèy de wout tranzisyon an selon sa ki ekri nan dokiman akò a. Manb HCT ak OCAG yo p ap kapab patisipe nan eleksyon yo. Y ap endepandan de Premye Minis la kote yo pa pral genyen pou pran lòd nan men l men y ap jis kolabore. Manda yo ap pran fen tousuit nouvo prezidan ki soti nan eleksyon y ap òganize yo rantre anfonksyon.

Byen vit, mèkredi 11 janvye 2023 a, Misyon Nasyon zini k ap apiye Lajistis Ayiti (BINUH) deja ekri pou salye piblikasyon akò politik la ki soti nan jounal ofisyèl peyi a.

Premye Minis Ariel Henry te anonse nan 1ye semèn Janvye a non sèlman l ap pibliye arete a men tou l ap tou enstale manb konsèy la poutan arete a pibliye sou 2zyèm semèn e manb konsèy la poko rive enstale.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841