Atravè Minis zafè etranje li Melanie Joly ak Minis defans Nasyonal li Anita Anand, gouvènman kanadyen an anonse mèkredi 11 janvye 2023 a li voye pou Ayiti divès machin blende esansyèl li te achte. Pi lwen, peyi Kanada fè konnen kòm alye ak kòkòday Ayiti, li detèmine pou soutni l nan kad avni pasifik ak pwosperite l ap chache a.

Selon kominike sa ki pa pran swen pou di konbyen machin blende yo delivre fè konnen se yon avyon militè peyi Kanada ki transpòte machin yo vè Ayiti. Yo fè konnen blende sa yo livre nan kad jefò Kanada ap fè pou kontinye sipòte polis nasyonal Ayiti a (PNH) ap fè pou kwape gang yo nan peyi a.

Nan yon konferans bilan Direktè jeneral polis la te bay nan dat 28 Desanm 2022 te montre enkapasite polis la pou fè fas kare ak gang yo pandan li te presize PNH la prè pou kolabore ak nenpòt fòs militè ki prè pou ede Ayiti kraze gang yo.

N ap fè remake nan machin blende ki te deja disponib pou PNH la bandi yo fè polisye yo kouri abandone blende ki t ap mennen operasyon epi mete dife la dan yo, pibliye video kote y ap ridikilize polisye yo fè kouri, san bliye plis pase 50 polisye bandi asasine.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841