Òganizasyon Fanm pou Devlopman Komin Tomasik (OFDT), denonse imilyasyon Dominiken yo ap fè Ayisyen sibi lakay yo. Se sa madam Délicieuse PAUL ki se kòdonatris òganizasyon an deklare jedi maten 12 janvye 2023 a.

Anpil nan moun sa yo ki rive Tomasik zòn frontyè ki separe 2 peyi yo pa prè lakay yo. Sa vle di yo se moun lòt kote. Moun sa yo pa kache santiman yo fas ak fason Dominiken bat yo, pran afè yo e mete yo deyò ak rad ki sou yo. Se estrikti sosyal sa ki fè kèt mete ak sa yo genyen pou vini an èd ak viktim sa yo ki demen vid selon sa yon viktim rakonte jounal la.

Youn nan Dirijant OFDT Madam Delicieuse PAUL ki kondane fason Dominiken ap vyole dwa Migran yo, swete dirijan peyi Ayiti yo reveye yo pou bay peyi a yon lòt direksyon, pou gen yon Leta fò, ki gen kapasite pou defann dwa Ayisyen kay vwazen yo. Pou li, se feblès Leta a ki rann pyès peyi pa respekte Ayisyen ki lakay yo.

Madam Délicieuse ki kwè se move lavi ki koz pèp la ap pati kite lakay li, estime dirijan yo dwe travay pou rive amelyore kondisyon vi ekonomik pèp la.

Jacuelin NAPOLÉON komin Tomasik depatman Sant Peyi Ayiti, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841