Nan lide pou onore memwa moun ki te mouri nan tranbleman tè 12 janvye 2010 Ayiti yo ak sila ki genyen lavi men ki te afekte yo, Federasyon Koperativ Lojman Laskawobas (FEKOLOL), Gwoup Dapi Rapatriye ak Refijye (GARR), Solidarite Òganizasyon yo kont Vyolans (SOCVI), òganize yon mach pasifik, kote yo te pase nan plizyè ri ak pankat ki genyen revandikasyon yo. Sa pase jedi 12 janvye 2023 a nan komin Laskawobas.

Plizyè manb òganizasyon ki te prezan deklare yo santi yo endiye parapò ak Leta Ayisyen ki pa pran responsabilite l anvè fanmi viktim 12 janvye 2010 yo. Responsab yo swete tout fanmi ki te viktim yo pran kouraj e fè anpil pridans sitou nan moman difisil peyi a ap travèse.

Yon lòt kote, kòdonatè jeneral FEKOLOL la Agwonòm Gerbelin Brevil, fè konnen nan lide pou kontinye fòse Leta pou pran responsabilite li pou pèp Ayisyen an rale yon souf e ankouraje tout moun k ap konstwi kay pou pran bon jan mezi pou sita gen katastròf pou evite dega.

Kòdonatè Gerblin Brevil fè konnen FEKOLOL genyen plizyè vilaj kote yo loje plizyè fanmi ki te viktim 12 janvye 2010 e y ap goumen pou kontinye sipòte moun ki pi fèb yo.

N ap note, òganizasyon FEKOLOL ak GARR genyen vilaj ki loje anpil fanmi nan plizyè zòn tankou: Dobwawouj, Morèn, Lakòlin ak Dekovil.

Wisnic Rondeau Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841