Pou anpil moun, koze Demokrasi a mouri epi li deja antere an Ayiti sa fè kèk tan: Pa gen eleksyon, sitwayen Ayisyen an pèdi pratikman tout Dwa li yo, menm sa yo rele Dwa inalyenab yo, sa vle di ki pa dwe vyole. Apati 9 janvye 2023 a, PM Ariel Henry vini sèl kòk chante nan tèt pouvwa Ekzekitif, Lejislatif ak Jidisyè a an Ayiti.

Apati lendi 09 janvye 2023 a ki pratikman make fen manda 1/3 Sena Repiblik la, peyi Ayiti pa gen Prezidan, ni Senatè, ni Depite. Se sèlman Premye Minis Ariel Henry ak Minis li yo ki chèf tout peyi a, yo se sèl kòk chante nan kad priz desizyon pou tout Repiblik la. Pi lwen, nan kèk komin andedan peyi a, Meri yo gen sèlman youn ou byen 2 majistra.

Dènye fwa Ayiti fè fas ak yon eskriten, sa pral genyen 6 lane. Li remonte a 20 novanm 2016, lè ansyen senatè Jocelerme Privert te reyalize eleksyon sa yo. Rezilta yo ta pral tonbe nan dat 3 janvye 2017, kote ansyen prezidan Jovenel Moïse t ap rive nan tèt kandida pou prezidan yo a 55,60 % vòt yo.

Depi lè sa a, rejim Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) pa ko janm fè okenn eleksyon nan peyi a : 13 janvye 2020 prezidan Moïse te konstate kadisite 50èm lejislati Ayisyen an, kote tout depite yo te ale epi 2/3 nan Sena Repiblik la te ale tou.

Selon Atik 95-3 konstitisyon Ayisyèn ki anvigè a, chanm Sena a dwe renouvle pa 1/3 chak 2 lane epi se yon obligasyon pou toujou gen senatè nan palman pou siveye pouvwa Egzekitif la. Ki vle di, prezidan Jovenel te dwe fè eleksyon nan lane 2019 pou renouvle 2/3 senatè ki te ale a epi Ariel Henry te dwe fè eleksyon nan lane 2022 a pou renouvle dènye 1/2 sa a.

Puiske prezidan Jovenel pa t fè eleksyon pou ranplase 2/3 Sena a, li te prefere tann dat kadisite palman an nan lane 2020 nan sousi pou l gen yon boulva devan li, e Wa Henry II (Ariel Henry) li menm tou pa fè eleksyon pou ranplase 1/2 sena a, ebyen jodi a peyi a lage san okenn eli nan nivo Egzekitif ak Lejislatif la.

Konstitisyon 1987 la di nan Atik 95-1 an : Lachanm Senatè a pa dwe janm kanpe nan travay li. Se pou sa, anpil moun pa sispann kwè Ayiti pa gen okenn Demokrasi, kontrèman ak sa ki ekri sou papye yo, ki fè kwè Ayiti se yon peyi Demokratik.

Selon Odette Roi Fombrun, youn nan pilye kle ki mache kòt a kòt ak rejim ki rele Demokrasi a, se eleksyon. Ki donk, fè eleksyon se youn nan siy ki t ap moutre aklè moun k ap dirije Ayiti yo se de vrè Demokrat konvenki. Konsa, si te gen eleksyon nan peyi a, selon sa nou li anba kout plim ikón Ayisyèn nan, sitiyasyon sosyo-ekonomik ak politik la pa t jan li ye jodi a la.

Selon tout konsta yo ak pawòl Ayisyen yo, PM Ariel Henry sanble devni sèl mèt peyi Ayiti. Li nome jij nan lakou kasasyon (sa ki pa nan atribisyon l), revoke jan li vle. Li pibliye nan jounal ofisyèl peyi a mèkredi 11 janvye 2023 a, Le Moniteur, yon lis Pati Politik ki ba li dwa fè eleksyon, mete sekirite epi sitou rete nan tèt pouvwa yo an Ayiti pou jiska 7 fevriye 2024.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...