Nan yon nòt pou laprès, komite Depatmantal konsansis nasyonal pou yon gouvènman enklizif nan Plato Santral la mete deyò vandredi 13 Janvye 2023 a, yo manifeste volonte yo pou travay ansanm nan Depatman an nan optik pou pèmet yon sòti de kriz nan peyi Ayiti.

Komite depatmantal konsansis nasyonal pou yon gouvènman enklizif nan Plato Santral ak plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la ekri pou di, yo profite salye epi felisite piblikasyon dokiman akò 21 desanm lan, nan jounal ofisyèl peyi a (Le Moniteur) pa premye minis Ariel Henry. Selon komite Depatmantal la, gras ak Dokiman konsansis sa, peyi a vin n konnen aklè ki direksyon l ap pran pandan ane a.

komite konsansis pou yon tranzisyon enklizif la nan Plato Santral, fè konnen yo deja mete yo, o travay nan optik pou retire peyi a nan katchouboumbe li twouve l depi plizyè lane.

Nan nòt sila komite konsansis la nan Depatman Sant peyi a manifeste volonte l pou l ankouraje tout òganizasyon ki twouve yo nan rejyon Plato Santral pou rejwenn akò 21 desanm lan, nan sousi pou genyen yon tranzisyon pi enklizif ke posib.

Yon lòt kote komite Depatmantal la envite tout aktè politik ak nan sosyete sivil Depatman Sant yo, pou yo kole zepòl ak akò 21 desanm la pou Ayiti ka dekole.

Men lis aktè ki siyen nòt sa :

1-Me MAKENTZ SIGUE, Av
2- Édouard Ambroise, Économiste
3-DORISCA ALDAGO, Ing/Agr
4-Me OSNIC PETIT-MAY, Av
5-MINOUCHE J. POULARD, Gest.
6-Me CLAUDY JEAN, Juriste
7-LANDIE ANDRÉ, Infirmière

Telefòn: +509 4727 9505/ +509 43190211 / +509 409 788-73

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841