Premye Minis ki nan tèt tranzisyon Boukinafaso a, Apollinaire Kyelem de Tambela, resevwa nouvo anbasadè Larisi a Alexey Saltykov nan Wagadoudou, kapital peyi a. Yo te pale de ranfòsman relasyon ant peyi yo nan nivo koperasyon militè, komèsyal ak diplomatik. Se sa RFI pibliye 14 jan 2023 a.

Nouvo anbasadè Larisi a nan peyi Kotdivwa depi septanm 2022, ki se reprezante Larisi tou nan peyi Boukinafaso, te vizite kapital peyi a, Wagadougou pou premye fwa jedi pase a, kote chèf gouvènman tranzisyon an te resevwa l nan televizyon nasyonal peyi a.

Pou anbasadè Ris la, relasyon ant peyi li ak Boukinafaso te deja mache byen: Nan domèn edikasyon, Larisi bay Etidyan Boukinabè yo bous pou etidye, epi gen 90 militè ki deja fòme, k ap fè estaj ane sa a nan peyi Larisi.

Èske Moskou pare pou l jwe wòl prensipal alye Wagadougou nan batay kont teworis yo ? Diplomat Saltykov te reponn konsa: «Nou ap kontinye tann yon inisyativ konkrè ki soti bò kote Boukinabè yo, li vrèman twò bonè pou nou bay yon repons pou moman sa a».

Nan nivo komèsyal, anbasadè Ris la te pale sou komès dirèk ant 2 peyi yo k ap fèt san entèmedyè, sa vle di san sèten konpayi miltinasyonal . Men sa li di sou pwen sila: «Mwen sèten Larisi ta ka yon peyi founisè lwil oliv nan Boukinafaso. Men, se yon kesyon ki dwe diskite ant de gouvènman yo».

Finalman, Alexey Saltykov fè konn peyi li Larisi pral gen bezwen sipò diplomatik solid nan men patnè Afriken li yo. Èske sa ta vle di Lafrans ak Lèzetazini pral kontinye toke kòn yo nan kontinan Afriken an sou plan jewopolitik, aprè lagè ki opoze OTAN ak Larisi an Ewòp ?

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...