Dimanch 15 janvye 2023 a, kire pawas Sakre kè Kabestò nan seksyon Petifon, Reveran pè Petinat Eulore, inogire « klinik manman Notredam pè petyèl sekou », nan lokalite Kabestò.

Yon inogirasyon ki fèt anprezans plizyè kire pawas, ki soti divès komin nan depatman an. Te genyen tou prezans tou Direktè depatmantal Sante Piblik depatman sant lan, doktè Denis Joseph Jean baptiste, otorite politik, lajistis, lapolis e plizyè responsab klinik nan komin Laskawobas, pami yo Papite Briagueur ak doktè Jean-Baptiste pou poliklinik Chilo.

Inogirasyon sila te kòmanse pa yon mès nan pawas la anba tèm : Sakre kè, aprann nou viv nan renmen pou lapè ak jistis tabli nan peyi nou.

Yon lòt kote, doktè Thomas Fame (Tome) mande popilasyon an ak ajan santè kominotè yo toujou mete yo disponib yon fason pou yo ka okouran sou kijan moun yo ap evolye nan zòn rekile yo, sitou ak divès maladi k ap ravaje yo. Nan menm okazyon an, li te remèsye tout moun nan kabestò ki kolabore pou konstriksyon sila a

Bò pa li, Direktè depatmantal Sante Piblik Sant lan, dokte Denis Joseph Jean-Baptiste, te remèsye doktè Tom ak ekip li ki ede moun nan seksyon an jwen gwo klinik sa a. Selon li menm, se pi gwo e pi bèl klinik kigenyen nan depatman an. Pi lwen, li fè konnen se wòl Leta Ayisyen pou konstwi lopital pou moun jwenn swen nan.

Nan non Minis Sante piblik la, li te remèsye dokte Tome Fame. Li mande ak tout moun nan kominote a pou proteje klinik la e pwoteje tet yo kont maladi kolerea kap ranvaje depatman sant.

Leon Joceline ki se biyolojis e administratris klinik sila remesye dokte Tome ak ansyen kire pawas la, Reveran pè Bleau, ki te kòmanse ak pwojè a. Li mande moun nan seksyon an kolaborasyon yo, nan sousi pou kenbe klinik la pwòp epi pou sèvi tout moun nan seksyon an.

Nan moman inogirasyon sa, anpil notab nan zòn nan ak fidèl legliz katolik la te reponn prezan, pou asiste kouman aktivite sila t ap dewoule, ki se yon veritab patrimwàn pou tout kominote a.

Wisnic Rondeau, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841