Dimanch 15 janvye 2023 a, ansyen reprezantan peyi Lafrans nan Nasyonzini, M. Gérard Araud deklare: «Sa genyen 10 lane, nan Konsèy Sekirite a, an prive, nou te konkli sèl solisyon Ayiti se mete li sou titèl Entènasyonal la, men sa te enposib politikman».

Ansyen Anbasadè fransè Gérard Arnaud ki te reprezante yon fason pèmanan peyi li nan Nasyonzini, soti 2009 pou rive 2014, te pataje yon twit jounal «L’important» ki, dimanch 15 janvye 2023 a, te raple peyi Ayiti pa gen okenn Otorite depi 2èm lendi mwa janvye 2023 a.

Men sa jounal te deklare nan twit la : «An Ayiti okenn moun p ap dirije peyi a ankò. Depi lendi, peyi a pa gen okenn reprezantan nasyonal oswa lokal eli ankò. Koule nan yon gwo kriz depi asasina Prezidan Jovenel Moïse nan mwa jiyè 2021, otorite pwovizwa yo pa ko kapab òganize okenn eleksyon. Gang ame yo ki fin pran peyi a, se yo k ap dirije».

Twit sila jounal la fè a ak tout pataj anbasadè Gérard Arnaud a, debouche sou yon gwo deba, trè anime ki eklate ant divès sitwayen Ayisyen ak etranje k ap kòmante sou kesyon an. Fason sitwayen sa yo oryante kòmantè yo, sa moutre aklè sanse se kominote entèseksyon la ki toujou panse pou avni Ayiti, ki se yon peyi lib e souveren sa gen 219 lane sou papye.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...