Regwoupman Anseyan Fondamental pou yon Edikasyon Renove pou yon Aksyon Nouvèl ak Solidè (REFERANS), pa mwayen kòdonatè kominal li Petit-frère Ferdinand, anonse profesè yo nan vil Gonayiv ap rantre an grèv, si tout fwa minis ekonomi ak finans lan Patrick Boivert pa ta ajiste salè yo. Li deklare sa nan kad yon entèvyou li te akòde ak laprès aprè midi dimanch 15 janvye 2023 a.

Kòdonatè Referans lan deklare salè pwofesè yo ap touche jounen jodi a pa ka reponn ak bezwen yo, lakòz kou lavi a ki moute byen wo, parapò ak ansanm politik mafya, tèt anba otorite yo ap regle an Ayiti depi kèk bon tan.

Nimewo en (1) Referans lan deklare, yon Pwofesè k ap fòme moun nan divès nivo nan yon sosye, dwe jwenn pi gwo trètman bò kote responsab nan Leta a, espesyalman moun ki responsab sektè Edikatif la.

De jou an jou lavi a ap vin pi chè, ti salè mizerab sa a pa ka fè anyen pou yo. Se nan sans sa a, kòdonatè kominal Referans lan anonse yon grèv manch long nan jou k ap vini la yo, si nimewo en Ekonomi ak Finans lan pa rezoud kesyon ogmantasyon salè Anseyan yo ki oblije ale travay chak jou.

San n pa bliye konbyen tan lekòl la te fè san fonksyone, sitwayen yo pa sispann mande èske Leta Ayisyen ap kite Anseyan sa yo nan vil Gonayiv antre an grèv, olye yo ogmante salè yo ?

Israël CEDIEU, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841