Pòt pawòl Pati Politik Inite a nan Gonayiv, Jacques Délice, deklare Pati a pote tout sipò li bay akò 21 desanm 2022 a epi yo mande tout sektè pou mete tèt ansanm ak PM Ariel Henry pou mete peyi a sou ray li. Li fè deklarasyon sila nan kad yon rankont ak laprès dimanch 15 janvye 2023 a.

Nan lide pou fè popilasyon an konnen yo kore aksyon gouvènman ap antreprann nan peyi a, tankou akò 21 desanm nan, manm kòdinasyon Pati Politik Inite a nan vil Gonayiv rankontre ak laprès.

Pòt pawòl Pati a nan Gonayiv, Jacques Délice, deklare yo kwè nan linyon, yo pa nan kraze brize pou anpeche popilasyon an fonksyone, mete sou sa y ap sibi depi plizyè lane. nan sans sa a, li mande tout aktè yo nan sektè politik la pou mete tèt yo ansanm ak PM Ariel Henry, pou retire peyi a nan sitiyasyon malouk sa a.

Yo mande pou gouvènman an monte Konsèy Elektoral Pwovizwa KEP a, yon fason pou eleksyon kapab rive òganize nan tout nivo andedan peyi Ayiti, e finalman rive mete peyi a sou bon jan ray devlòpman li.

Pi lwen, Jacques Délice fè konnen yo menm nan kòdinasyon Inite a nan vil Gonayiv, estime avèk akò sila a, peyi Ayiti kapab soti nan twou kote l ye la, pou pèmet enstitisyon yo aktive epi pou pèp Ayisyen an reprann aktivite l san okenn difikilte.

N ap soulinye, paralèlman, divès sektè nan Site Endepandans lan Gonayiv, pa danse kole ak akò 21 desanm lan, lakòz divès gwoup Politik yo estime ki toujou ap batay nan lari a pa enplike nan akò a. Ki donk, pou yo, konsansis la manke lajman laj.

Israël CEDIEU, Centre a la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841