Reveran Pè Jean Jeannot JOSEPH (Prezidan),Reveran Pè Irnel DUVEAUX (Vis Prezidan), Madam Omana PIERRE (Sekretè), Reverant Pè Jackson LAGUERRE (Manb), Mesye Charles MYRTIL (Manb), Mesye Hedruche PIERRE (Manb). Se 6 moun sila yo legliz episkopal Ayiti anonse mèkredi 9 Me 2023 a, ki fè pati komite legliz la nan yon korespondans yo adrese ak MInistè kilt Ayiti.

Nan akize resepsyon Ministè kilt siyen bay legliz episkopal, yo presize selon lwa 9 jen 1998 la, y ap tann prosè vèbal envestitit komite a nan yon ti tan ki pa twò long.

Se nan dat 14 jiyè 2022, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ak dives lòt enstans nan polis nasyonal Ayiti plis jij de Pè te rive dekouvri nan dwann Pòtoprens plizyè kontenè yo te jwenn anviron ven mil katouch (20 000) plis pase 100 chajè. Selon sa komisè gouvènman Jacques Lafontant te fè konnen, zam ak minisyon say o se pou legliz katolik yo te ye.

Selon sa rapò BAFE la revele toujou pè Frantz Coles ki se sekretè egzekitif legliz episkopal la polis te arete nan dat 17 dawou 2022, enplike jis nan kou nan koze trafik zam sila.

Selon sous nouvelis yo, anketè BAFE yo jwenn pè Frantz Coles genyen plizyè kont bank Ayiti ak aletranje. Youn nan kanè li yo genyen en milyon ( 1 000 000) dola Ameriken sou li. Anplis yo jwenn pè a te genyen twa san mil ( 300 000) goud chak mwa ki t ap soti nan paleman Ayisyen an san konte lòt byen li genyen tankou kay ak tè.

Rapò BAFE la fè konnen legliz episkopal genyen plizyè lane kote yo ap itilize franchiz yo genyen pou fè zam ilegal rantre Ayiti. BAFE presize menm avoka ki ap plede koz Frantz Coles la se li menm tou ki se avoka Vitelhomme Inocent ki se chèf gang kraze baryè.
Selon 3zyèm rapò ankèt biwo afè finansye ekonomik la, se lis moun sa yo ak divès lòt ki enplike nan kad dosye zam saa: Gina Jean Louis Rolls, Sikhumbuzo Vundla, Alland Dolcé, Alerte Isaac, Frantz Cole, Samson François, Lovenie Louis Jean, Francklin Batista, Fernand Jean Pierre, Remy Lindor, Rubens Vilmont, Jean Mardoché Vil, Jean Marie Jean Gilles, Mamion Saint Germain, Fritz Désiré, Dianika, Kleberson Jules.

N’ap raple pè Fritz Désiré lapolis t ap chèche kou chen jwenn arestasyon li mèkredi 9 me 2023 a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841