Jimmy Févil ak Pierre Roberto se 2 prezime manb gang ki ap dirije pa Kempes nan Belè Ayiti, polis nasyonal la anonse yo arete. PNH pibliye enfòmasyon sila jedi 11 me 2023 a.

Fòs lòd yo fè konnen yo arete Jimmy Févil ak yon zam kalib 9 mm pandan yo t ap fè yon fouy nan zòn Tijo. Jimmy ki t ap pale fè konnen zam saa se yon zam li achte pou 100 000 goud pou li ka proteje tèt li. Poutan ankèt polis la revele li se manb aktif gang Kempes la ki nan Belè, kote anketè yo di yo jwenn bonjan prèv ki montre Jimmy nan trafik zam.

Yon lòt kote nan odisyon li Jimmy te rive denonse youn nan akolit li yo ki se Pierre Roberto.

Nan yon filati, lapolis di li te rive arete Roberto nan Dèlma-32 kote yo jwenn divès materyèl ilegal ak yon sòm lajan ki evalye a kat milyon (4 000 000) goud. Roberto ki t ap pale fè konnen se mateyèl teknolojik l ap vann li pa konnen anyen de sa yo reproche li yo.

Fòs lòd yo di yo detèmine pou trake tout bandi ki ap simen dèy nan popilasyon an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841