Ozetazini patikilyèman nan vil Filadèlfi, lapolis arete ansyen Enspektè Divizyonè Polis Nasyonal Ayiti Jean Milhomme. Arestasyon sila fèt mèkredi 10 me 2023 a nan kad koperasyon 2 peyi yo (AYITI-Etazini) sou plan sekiritè.

Responsab yo nan DCPJ fè konnen yo t ap chache kou chen fou ansyen enspektè a, aprè yon avi rechèch ki te pibliye ak yon manda kont li, paske l ta patisipe nan yon atak ki te fèt sou komisarya Leclerc a nan Matisan 23, kote bandi yo te vòlò yon blennde ak plizyè zam PNH.

Fòk nou remake, toujou selon reponsab PNH yo, ansyen Enspektè Divizyonè a te kite peyi Ayiti aprè li te fin refize kategorikman plizyè envitasyon Direksyon Santral Polis Jidisyè a DCPJ ak Enspeksyon Jeneral la te fè li.

Pou kounye a, ansyen enspektè Milhomme nan men lajistis, l ap tann pouswit legal yo ka li a merite.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841