Aprè desizyon Depatman Agrikilti Ozetazini te kominike 24 oktòb 2022 a ki te di Etazini p ap achte mango nan men Ayiti ankò; 10 me 2023 a, anbasadè Sébatien Carrière ki se anbasadè Kanada an Ayiti, anonse mango Ayisyen ap prepare pou antre nan peyi Kanada. Yon enfòmasyon Ayiti ak manm popilasyon kanadyèn nan felisite.

Etazini nan Amerik la se te sèl mache kote Ayiti konn vann yon bon pati nan rekòt mango li a chak ane. Daprè done ofisyèl yo Bank Repiblik Ayiti (BRH) konpile, ekspòtasyon mango yo pote an mwayèn plis pase 7 milyon dola chak ane an Ayiti. Chif sa yo te vin f on bese parapò ak pandemi COVID-19 la.

Rezon yo evoke nan kominike a fè kwè se paske gen twòp ensekirite an Ayiti, sa vin lakòz eskpè Ameriken yo pa kapab rete nan peyi a pou fè jesyon mango yo, avan menm yo atenn faz final pou rive ekspòte lakay yo.

Jodi a an me 2023, konsta a klè, pou sa ki gen pou wè ak eskplwatasyon mango fransik la, nan komin Sodo pa egzanp, mango yo se anba pye yo y ap tonbe epi gaspiye. Puiske nan ane pase yo, abitan yo te fè anpil grèf sou mango yo, nan sousi pou pèmèt lòt espès yo rive donnen mango fransik la.

Kesyone divès machann-vandè mango, yo fè konnen se yon desizyon enjis leta blan meriken pran, paske pandan peryòd sa a, yo konn fè bon mwayen ekonomik, puiske komès mango a antre anpil. Youn nan sitwayen yo ki t ap pale ak jounal Centre à la UNE, fè konnen li menm pèsonèlman, se chak peryòd vant mango a li fè yon pati nan kay li.

Pi lwen, sitwayen Bladimy Jean-Paul, sou menm sijè mango a, pibliye yon mesaj sou paj Facebook li jounen vandredi 12 me 2023 a ki pati konsa : «Mw se youn nan moun paran m te konn vann Mango Fransik pou fè edikasyon m.

Mango FRANSIK se youn nan pi gran sous revni peyizan yo nan Sodo, malgre yo pa antre 100% lajan an, men sa pa anpeche se avèk li yo reyalize yon pil pwojè. Kòm an Ayiti se toujou lè nou rive nan pwoblèm nan nou panse, ebyen m ta renmen nou kòmanse panse sou domaj Mango FRANSIK la ki pa ka ekspòte pou al vann aletranje a.

Mango fransik k ap anbake Ayiti pou ale Kanada nan mwa me 2023

Koz ensekirite a, Etazini di enspektè li yo pa ka kontwole mango a, sa lakòz pi gwo peyi ki te konn achte plis mango nan men nou an ki se Etazini, pa achte pou ane sa a. Mwen panse peyi a jis ap moute yon kalvè pa do. Se pou sa m ap mande jiskilè leta ap ka ba nou sekirite? Peyi sa a twò riv pou l pòv.»

N ap note, divès lòt sitwayen k ap fè kòmantè otou kesyon an, pa kache santiman lè yo di ouvètman yo plis kwè se yon desizyon politik Etazini pran, lè li deside pa kontinye achte mango fransik la an Ayiti pou ane 2023 a. Pou gwoup moun sa yo, sanble se tout bon vre tonton Sam pa dakò pou Ayisyen souse yon zo.

Paralèlman, sitwayen yo mande èske leta Ayisyen ap kontinye pran 2 je l ap gade dènye sitiyasyon malouk sila peyizan yo ap sibi ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...