Manm popilasyon an touye ak kout baton, wòch epi boule jèn gason sa a ki se Wolf Jean-François nan vil Ench, aprè yo fin akize l kòm yon manm gang, e lè yo t ap kesyone l répons li yo pa t klè, daprè temwayaj kèk sitwayen. Krim sa a pase nan youn nan estasyon yo ki nan vil Ench, maten vandredi 12 me 2023 a.

Anpil moun nan popilasyon an aplodi aksyon sa yo kòm revanj kont bandi malfra ki pa sispann teyorize yo, konsa tou gen kèk lòt ki kritike pratik la, kote yo kwè gen kèk grenn inosan ki kapab rive viktim anba men popilasyon sivil la.

Divès moun k ap kesyone pa sispann mande, èske li pa t ap pi bon si popilasyon an ta arete sispèk la epi remèt li bay komisarya ki pi pre a, pou kesyone l e fè swit legal yo ?

N ap note, depi mouvman chase epi boule bandi sa a « Bwa Kale » kòmanse 24 avril 2023 a, se pou premye fwa popilasyon an komèt yon aksyon parèy nan vil Ench. Pou kounye a, rès kadav la rete soukont la meri Ench pou swit ne sensè yo ak li.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841