Ajans an liy Centre à la UNE, konstate jounen vandredi 12 me 2023 a, anèks biwo ministè edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) ki sou Babyòl la pa resevwa demann pou diplòm filo/NS4 ankò.

Kèk mwa aprè minis edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, te lanse platfòm pou elèv tèminal yo aplike anliy pou jwenn yon diplòm fen etid segondè, platfòm sila prezante yon kastèt Chinwa pou elèv k ap fè demand diplòm yo. Selon anplwaye ministè a, se sou sit (https://bunexe.works-edocument) platfòm nan pou yo aplike.

Depi minis edikasyon an Nesmy te fin lanse platfòm nan, li operasyonèl e sèvis yo gratis. Sepandan, li prezante divès pwoblèm nan rechèch yo: Lè ou resi jwenn aksè a dèfwa se sèlman sètifika a ou jwenn ou pa jwenn relve nòt la.

Kontrèman ak lide chèf ministè Edikasyon an, yon premye gwoup ki te vin chache sèvis diplòm fè konnen platfòm anliy nan se yon defi total pou ministè Finans ak DGI, lè nou wè frè sèvis ak taks yo pa respekte. Se yon sòm lajan ministè a pèdi selon yo.

Yon lòt kote, dezyèm gwoup la fè konnen, lide pou rann sèvis diplòm yo anliy lan se yon bèl ide sofke, se yon desizyon robotik minis Manigat pran ki pral kreye Chomaj nan sistèm nan, sinon anplwaye yo pral touche pou yon sèvis yo pa bay vrèman. Pou yo, platfòm nan ap tou evite fenomèn raketè ki te fin tabli nan tout sistèm nan, malgre fay platfòm nan prezante kounya.

N ap raple, pou yon demann diplòm, sèvis kontabilite ministè edikasyon te konn antre 100 goud pou rechèch yon diplòm pa tèt. DGI te antre 408 goud pou frè tenb legalizasyon, pou edikasyon Nasyonal ak afè etranjè. Jiskoulye platfòm nan gratis.

Genyen yon gwoup anseyan fè kwè si minis Manigat te gen volonte, li te ka rann sèvis la pi fasil menm jan yo fè elèv yo peye resepise depi nan klas la, yo te ka fè menm jan pou diplòm yo tou. Lè rezilta a, yo t ap jis voye estòk diplòm reyisi yo nan plas palmarès la.

Sendikalis UNNOEH a, Kensone Delice, konkli pou di minis Nesmy Manigat se yon minis plis yon chita sou eslogan olye li reyèl. Sa vle di, minis la pa chita sou okenn baz pratik.

Washington FLORVIL, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841